Minis defans ameriken an, Robert Gates, debake nan kapital Afganistan, Kaboul, lendi 7 mas 2011 la. Daprè sa otorite Lèzetazini yo di, pandan vizit sa a misye Gates ap konsantre atansyon n sou transfè responsablite sekirite peyi a nan men fòs militè ak lapolis Afganistan, yon transfè ki sipoze kòmanse nan mwa jiyè 2011 la.
Chèf Pentagòn nan genyen pou l vizite divès rejyon kote otorite yo di fòs sekirite afgan yo ap jwe yon gwo wòl nan operasyon militè yo e kote moun kòmanse santi rezilta travay nouvo fòs polis la.
Misye Gates genyen pou l rankontre tou avèk prezidan afgan an, Hamid Karzai, e ak kòmandan militè Lèzetazini ak L’OTAN genyen nan kowalisyon entènasyonal ki nan peyi a.