Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranjè Kanadyen an, John Baird, Vizite Ayiti Lendi 16 Janvye 2012 la


Minis Afè Etranjè kanadyen an, John Baird, fè yon vizit ann Ayiti lendi 16 janvye 2012 la, nan tèt yon delegasyon ki te genyen ladan palmantè tout pati politik yo o Kanada.

Objektif vizit sa a sete pou Misye Baird chache ranfòse rapò ant peyi li ak Ayiti. Pandan sejou delegasyon an nan Pòtoprens, manm yo rankontre ak Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Garry Conille, lòt ofisyèl gouvènman an epi manm palman an.

Nan rankont Misye Baird fè ak Prezidan Martelly nan palè nasyonal la, li bay konsèy pou Pouvwa Egzekitif la devlope bon rapò ak Pouvwa Lejislatif la.

Sou dosye sa a ak lòt pwen nan aktyalite a ann Ayiti, korespondan nou Clarens Renois reponn kesyon Jean Robert Philippe.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj korespondan nou Clarens Renois

XS
SM
MD
LG