Accessibility links

Breaking News

Militan Taliban Yo Kidnape 19 Moun Nan Afganistan


Kidnaping sa yo rive lavèy dewoulman eleksyon lejislativ ki pral fèt atravè tout Afganistan. Yon pòtpawòl komisyon elektoral la konfime vandredi 17 septanm nan ke yon kandida tonbe anba men militan yo nan pwovens Laghman, ki nan pati lès peyi a; gwoup militant an déjà pran reponsablite pou kidnaping sa a.

8 moun k ap travay pou komisyon elektoral la avèk 10 patizan k ap mennen kanpay pou kandida yo, tonbe tou anba men mesye Taliban yo nan pwovens Badghis, nan pati nò dwès Afganistan.

Militan Taliban yo deja touye o mwen 3 kandida ak divès moun k ap travay sou kanpay elektoral-la; se 2èm tou eleksyon palmantè yo k ap dewoule samdi 18 septanm 2010 la.

Militan yo fè menas pou di y ap lanse atak tout patou nan peyi a, menm jan yo te fè sa pou eleksyon prezidanyèl ki te dewoule ane pase a, yon fason pou yo kraponnen elektè yo pou yo pa patisipe nan vòt la.

Menm jou vandredi a, tout bagay parèt trankil nan pi fò lari yo nan Kaboul, kapital la, kote lapolis enstale pòs enspeksyon pou yo kanpe machin e fouye yo, nan ri ki pi enpòtan nan vil la.

Malgre menas Taliban yo, Prezidan Amid Karzay pran lapawòl pou l mande afgan yo ale nan biwo-de-vòt-yo jou samdi a e jete bilten yo.

Anviwon 2 mil 500 kandida prale dèyè 249 plas ki vid nan chanm bass palman afgan an. Plis pase 250 mil polisye ak lòt ajan afgan, k ap gen apui twoup entènasyonal yo, ap pran pozisyon atravè tout peyi a pou bay sekirite nan okazyon dewoulman eleksyon sa a.

XS
SM
MD
LG