Militan dwazimen siryen yo deklare fòs sekirite nan Siri louvri kout zam sou yon otomobil nan pwovens “rebèl” Hama, kote 5 moun pèdi lavi yo nan ensidan an.
Militan yo di fiziyad la fèt toupre vil Khattab---yon jou apre yon eskalad nan vyolans mòtèl la nan Siri.
Obsèvatwa Dwazimen siryen an, nan vil Lond, fè konnen fòs kap apiye gouvènman an touye omwen 24 moun madi 13 desanm 2011 la---pi fò nan pwovens Idlib, kote yon desant delye lame a pran lavi 11 sivil.
Obsèvatwa a di defektè lame siryèn nan, touye 7 manm fòs gouvènmantal yo nan yon pyèj yo te tann pou yon patwouy.