Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Sekretè Deta Clinton Sou Vizit Prezidan Eli Martelly Ozetazini


Prezidan eli Michel Martelly ak Sekretè Deta Hillary Clinton
Prezidan eli Michel Martelly ak Sekretè Deta Hillary Clinton

Bon apre-midi tout moun,

Se yon gwo plezi e yon onè pou mwen swete Prezidan Eli a la byenveni nan Depatman Deta a nan non gouvènman ameriken an e pou m prezante konpliman ofisyèl mwen bay prezidan eli Martelly pou viktwa li ranpòte nan eleksyon an.

Se konsa tou, mwen fè pèp ayisyen an konpliman pou eleksyon yo ki non sèlman afime e konsolide fondasyon demokrasi ayisyèn nan, men sa ede tou fè limyè sou travay ki fèt ak travay ki rete tou\ pou fèt pou Ayiti leve anba dega tranblemanntè a, e pèmèt Ayiti monte de-pye-fèm sou chemen sivilite ak devlopman dirab. E petèt, sa ki pi enpòtan toujou, eleksyon sa yo ofri pèp ayisyen an yon okazyon pou l reyalize rèv li genyen pou avni peyi a.

E jounen jodiya, Misye Martelly ak gouvènman n nan genyen obligasyon pou yo fè tout sa yo kapab pou yo ede rèv sa yo tounen reyalite.

Eleksyon sa a dewoule nan yon moman trè kritik : Pandan 15 mwa ki pase aprè tranblemanntè a, gen pwogrè ki fèt nan domèn enpòtan. 20% debri yo (swa palè peze 2 milyon mèt kub) deja debleye ; e se gras ak yon pwogram ki anplwaye plis pase 250 mil moun Lèzetazini te apiye avèk fyerté.

Gen yon nouvo pak endistriyèl ki ouvè tou prè Kap-Ayisyen, ki se rezilta efò an tèt-ansanm ki fèt ant gouvènman peyi Dayiti, Lèzetazini ak Bank Entè-amerikèn Devlopman ; Pak Endistriyèl sa a deja genyen premye konpayi ki okipe l : se The Gobal Textile Firm, ki, pou kont li, ap kreye 20 mil dyòb pèmanan nan domèn ekspòtasyon an, --- e nou espere plis konpayi va ale ann Ayiti, gras ak yon lwa trè enpòtan Kongrè ameriken an te vote ane pase a -yon lwa ki rele « Pwogram Ekonomik Pou Ankouraje Ayiti »

Deklarasyon Sekretè Deta Clinton Sou Vizit Prezidan Eli Martelly Ozetazini
Deklarasyon Sekretè Deta Clinton Sou Vizit Prezidan Eli Martelly Ozetazini

Pwogram yo rele HELP la , vin ogmante seryezman volim enpòtasyon pwodui Ayisyen Ozetazini sou yon baz preferansyèl, pou Ayiti kapab ekspòte pwodui nan domèn rad ak abiman Ozetazini. Nou vle atire atansyon tou sou bon jan repons Depatman Sante ak Popilasyon Ayiti a, ak Komuinote Entènasyonal la pou bloke pwogrè epidemi kolera a.

Tou sa se siksè ki mete selebre ; men, an menm tan, nou byen konnen ke genyen anpil travay k ap tann nouvo prezidan an, gouvènman ak pèp ayisyen an.

Kèk nan nou byen kapab konnen ke tèm kanpay misye Martelly a sete : TETE KALE, Yo di mwen ke tradiksyon literal slogan sa a se "Bald Head," ki pa merite okenn lòt eksplikasyon.

Men, TET KALE se yon ekspresyon ki vle di tou : Jiskoubou. Pèp ayisyen an byen kapab genyen yon wout byen long k ap tann li, men, pandan y ap fè wout sa a, Lèzetazini ap ansanm avék nou Tèt Kale!

Mèsi

XS
SM
MD
LG