Accessibility links

Breaking News

Migran yo Deklare Prezidan Meksik la koupab nan Aksidan Kamyon an


Accidente México deja migrantes heridos
Accidente México deja migrantes heridos

Migran ki tap vwayaje nan yon karavàn nan direksyon sid nan peyi Meksik blame prezidan Meksik la pou lanmò 55 migran ki t ap eseye rive sou fwontyè a pou yo pran direksyon Ozetazini.

Jou jedi 9 desanm lan, omwen 160 moun te anpile nan kamyon ki te chavire sou gran wout nan eta Chiapas.

Chak mwa, plizyè milye imigran k ap kouri kont povrete ak vyolans ki genyen nan peyi Amerik Santral yo te vwayaje atravè Meksik pou yo rive sou fwontyè Meksik ak Etazini a.

Men, anpil moun ap plenyen pou move tretman yo jwenn nan peyi Meksik. Leslie Mejia ki soti nan peyi Gwatemala di li blame Enstiti Migrasyon Meksiken an ak tout Prezidan an pou aksidan Kamyon an.

"Mwen pa konnen poukisa Prezidan an pa reyaji pandan l ap gade sa k ap pase. Petèt se paske li pa janm goumen pou yon rèv nan vi li. Sèl bagay nou vle se ke pou li ede nou, sispan mete plis obstak nan wout nou.

Nou deja fatige apre yon mwa edmi nan mache, li toujou pa vle kite nou kontinye wout nou."

Ofisyèl yo nan Gwatemala ak Meksik yo te blame rezo entènasyonal kontrebann migran pou aksidan an e yo pwomèt pou yo demantibile rezo entènasyonal kontrebann migran yo.

Marcelo Ebrard ki se Minis Afè Etranjè Meksik te di ke yo te kreye yon "plan aksyon" rejyonal, ki gen sipò peyi nan Amerik Santral yo ak Etazini.

Yo pral mennen yon "ankèt, pou idantifye, epi mennen devan lajistis" moun ki responsab aksidan yo.

Ensidan jedi a se youn nan aksidan kote plismoun mouri, ki enplike imigran ki t ap eseye antre Etazini.

XS
SM
MD
LG