Accessibility links

Breaking News

Kominote Ayisyèn nan Miami Vle Atire Atansyon Konpatriyòt ki Gen TPS yo sou Chanjman Estati yo


Yon somè TPS nan Miami
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:08 0:00

Family Action Network Movement, Mouvman Rezo Aksyon pou Lafanmi ki gen ti non (FANM), ki te rele anvan sa Fanm Ayisyen nan Miami, te òganize vandredi 22 Jen 2018 la nan Karibbean Market, Mache Karayib la, sal te rele yon Somè TPS, kote yon gwoup anpil pèsonalite te vin bay pozisyon yo sou kesyon an.

Pami moun ki te pale yo, te gen Achevèk Miami an, Thomas Wenski, Direktè Ekzekitif Sèvis Charite Katolik Randy McGrorty, Adonias Simpson nan Jistis pou Imigran Ameriken, Avoka Imigrasyon e manm Asosyasyon Avoka Ayisyen Nadine Gedeon. Marleine Bastien, Direktris FANM, te pran lapawòl e te tradui pou tout moun sou panèl yo ki te pale ann angle.

Objectif rankont sa a sete pou atire atansyon moun ki nan TPS yo sou tout direksyon ki devan yo pou yo chanje estati yo, soti nan estati tanporè a pou travèse nan yon estati rezidan pèmanan.

Estati Tanporè TPS la ap bout an Jiyè 2019.

Jounalis VOA Kreyòl nan Miami Serge F. Michel se redaktè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG