Accessibility links

Breaking News

Pwosè Imigran Ayisyen ki Genyen TPS kont Administrasyon Trump la


Timoun ayisyen ki tap patisipe nan yon manifestasyon pou mande gouvènman ameriken an kenbe TPS nan plas li (Foto: Miami 6 novanm 2017).
Timoun ayisyen ki tap patisipe nan yon manifestasyon pou mande gouvènman ameriken an kenbe TPS nan plas li (Foto: Miami 6 novanm 2017).

Yon gwoup avoka akize administrasyon Prezidan Donald Trump la dèske desizyon li pran pou mete fen nan pwogram Stati Pwoteksyon Tanporèa (TPS) chita sou rezon rasyal. Marlène Bastien, fondatris e direktris òganizasyon Fanm Ayisyèn nan Miami, fè deklarasyon sa a nan mikwo Lavwadlamerik:

<< Desizyon an afekte anviwon 50 mil ayisyen kap viv Ozetazini. Yo genyen an mwayèn 7 a 20 tan –pami yo genyen 27 mil timoun ki te pran nesans nan peyi a. Objektif pwosè a se oblije otorite imigrasyon ameriken yo revoke desizyon administrasyon Trump la pran pou l kanpe TPS la e depòte 50 mil ayisyen sa yo...

<< Avoka yo (epi nou menm tou, paske nou se youn nan pati ki pote plent yo), nou panse desizyon an baze sou ras e non sou kondisyon yo nan peyi d Ayiti, sitou apre move pawòl Prezidan Trump te pwononse kont Ayiti, Salvadò ak peyi afriken yo...

Marleine Bastien.
Marleine Bastien.

<< Nou espere ke tribinal yo va pran yon enjonksyon, yo va deside yon kanpe-lwen kont administrasyon Trump la –paske desizyon an te baze sou rezon rasyal e non sou sitiyasyon an ann Ayiti-- e pèmet 50 mil ayisyen ki genyen TPS yo rete nan peyi a e kontinye viv avèk fanmi yo. >>

Marleine Bastien, direktris Fanm Ayisyèn nan Miami, sou pwosè kont administrasyon Trump la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:30 0:00

Daprè Marlène Bastien toujou, pandan preparasyon ap fèt pou dewoulman pwosè a, ayisyen yo ap fè lòt demanch pou yo ajiste stati yo anvan delè yo genyen pou yo fè sa a pran fen pandan 2èm mwatye ane 2019 la.

XS
SM
MD
LG