Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Responsab Kanpay Depite Mia Love (R-Utah) Dwe Remèt Elektè yo Plizyè Santèn Milye Dola


Depite Mia Love (R-Utah) ki t ap pale nan Sena Eta Utah a, nan lokal palman Eta a nan vil Salt Lake City, nan dat 23 fevriye 2017. (Foto achiv).
Depite Mia Love (R-Utah) ki t ap pale nan Sena Eta Utah a, nan lokal palman Eta a nan vil Salt Lake City, nan dat 23 fevriye 2017. (Foto achiv).

Responsab kanpay Depite repibliken ameriken, Mia Love, pale lendi 10 septanm 2018 la pou di yo pral remèt yon afè de $380.000,00 kanpay Love la te resevwa kòm kontribisyon. Responsab yo pran disizyon sa a aprè Komisyon Elektoral Federal la te lanse yon avètisman ki fè konnen yo te resevwa plis pase yon milyon dola pou yon eleksyon primè ki pa janm fèt.

Pou responsab kanpay la bay rezon ki eksplike egzistans lajan sa a, yo fè konnen sistèm Eta Utah genyen pou nominasyon kandida yo se yon sistèm ki pa tankou lòt yo: daprè lwa elektoral eta a, menm lè Madam Love se yon kandida repibliken ki pa t gen opozan nan eleksyon primè a, li te dwe prepare pou sizoka yon lòt repibliken te anonse kandidati li a la dènyè minit. Se konsa yo te fè piblik la konnen, pou kandida yo a te ka fè fas ak yon opozan ki ta parèt sanzatann, li te bezwen ranmase plis pase $700.000,00 nan mwa ki te vini anvan avril 2018 la, swa anvan dat-limit pou konvansyon pati a e pou responsab kanpay la te ranmase siyati patizan ak sipòtè.

Sepandan advèsè demokrat Mia Love la, Ben McAdams, denonse maraton lajan ki te fèt pou kanpay repibliken an kòm yon egzanp ki ilistre se yon kanpay ki pòtre ak “kanpay otorite yo nan Washington abitye fè e ki baze sou koripsyon ak vyolasyon lalwa.” Nan kad repons responsab kanpay Love la bay pou yo eksplike sitiyasyon an, yo site yon repons senatè repibliken Mike Lee te bay otorite yo nan menm sikonstans la an 2016 e ke responsab elektoral yo te aksepte aprè yo te voye yon avètisman menm jan ba li; sepandan palmantè Lee te plis depanse lajan an nan operasyon pou ranmase siyati (e non pa pou eleksyon prime) e li te voye lis siyati yo bay komisyon elektoral la pou l te ka asire plas li nan kous la.

Ajans nouvèl AP, ki ekri yon atik sou dosye a, fè konnen aktyèlman 2 kandida yo -Madam Love ak M. McAdams- twouve yo kòtakòt nan yon kous sere-sere k ap dewoule nan yon sikonskripsyon kote 2 pati yo egal-ego nan preferans elektè yo; sepandan Demokrat yo espere ranpòte yon viktwa pou yo kore efò y ap fè pou yo repran majorite a nan Chanm Depite a nan Washington. Mia Love,yon palmantè ameriken ki gen orijin ayisyèn, reprezante sikonskrisyon an nan Chanm Bas Kongrè a depi 2014.

Responsab kanpay Love la admèt tou yo dwe dispoze pou eleksyon jeneral la yon afè de $370.000,00 yo te ranmase aprè kandida yo a te ranpòte chwa elektè yo nan konvansyon an -sa ki te pase anvan eleksyon primè mwa jen an. Kanpay Love la pral voye lèt bay donatè yo pou fè yo konnen yo ka mande remèt yo kòb yo. Responsab yo pral remèt tou yon afè de $10.000,00 an lajan cash si kontribisyon elektè yo depase limit lalwa fikse pou eleksyon jeneral la.

XS
SM
MD
LG