Accessibility links

Breaking News

Etazini Eleksyon Mi-Manda: Sa ki rele "Faktè Trump la"


Postè sa a di: "Vote Isit la." Li te sèvi depi mitan mwa septanm 2018 la pou ede moun ki te bezwen vote anvan dat eleksyon an. Se sa yo rele "early voting", sa vle di "vote bonè"...
Postè sa a di: "Vote Isit la." Li te sèvi depi mitan mwa septanm 2018 la pou ede moun ki te bezwen vote anvan dat eleksyon an. Se sa yo rele "early voting", sa vle di "vote bonè"...

Sitwayen ameriken yo pral pran chemen biwodvòt yo madi 6 Novanm 2018 la pou yo deside kilès nan 2 pati politik yo (Pati Demokrat la ak Pati Repibliken an) ki pral gen kontwòl Kongrè a pandan 2 zan k ap vini la yo. Nan balans la genyen tou lè 435 plas nan Chanm Depite a avèk yon tyè nan 100 plas ki nan Sena a. Ann jete yon koutje sou sa analis yo ak laprès amerikèn rele “Faktè Donald Trump la”.

Lè nou fè yon koudèy sou sitiyasyon an nan Kongrè ameriken an jan li prezante depi 2 dènye ane yo, nou jwenn Repibliken yo genyen yon doub dominasyon: yo gen yon bon jan mojorite nan Chanm Bass la epi yo gen majorite a nan Sena a -menmsi se yon majorite tou mens. Doub majorite sa a te bay lidè Pati Repibliken an pouvwa pou yo fè pase ajanda politik yo swa sou fòm pwojèdlwa, swa sou fòm pwopozisyondlwa, sou domèn tankou Imigasyon, Ekonomi avòk politik etranjè.

Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan yon meeting nan vil Murphysboro, nan pati sid Eta Ilinwa, 27 oktòb 2018 la. (Foto dosye)
Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan yon meeting nan vil Murphysboro, nan pati sid Eta Ilinwa, 27 oktòb 2018 la. (Foto dosye)

Evennman k ap dewoule madi 6 novanm nan se sa yo rele Ozetazini "yon eleksyon mi-manda." Mi-manda paske l ap fè nan moman Prezidan Donald Trump rive nan mwatye manda li. Malgre gen anpil dosye ki lage divizyon nan mitan elektè ameriken yo, sanble votan demokrat yo ak votan repibliken yo antann yo pou yo di pwen santral eleksyon sa a se Prezidan ameriken an, Donald Trump li-menm. A vrè di, pou Misye Trump eleksyon ane sa a se yon afè totalman pèsonèl. Mesye Trump di:

"Tout gwo pwogrè, tout pwogrè ekstwòdinè nou reyalize yo, yo tout an-je; tout sa riske. Nou pa wè non m sou biltendvòt yo, se vre; men li la kanmenm, OK! Non mwen sou biltendvòt yo. Alòs, silvouplè, se pou nou sòti al vote. Map repete: Se pou nou sòti al vote."

Ansyen Prezidan Barack Obama ki te pran lapawòl nan yon meeting nan vil Detwa, Eta Michigann, 26 oktòb 2018 la, pou l ankouraje patizan kandida demokrat yo sòti al vote. (Foto achiv).
Ansyen Prezidan Barack Obama ki te pran lapawòl nan yon meeting nan vil Detwa, Eta Michigann, 26 oktòb 2018 la, pou l ankouraje patizan kandida demokrat yo sòti al vote. (Foto achiv).

Analis yo di, menm kote Prezidan Trump ap chofe patizan Pati Repibliken an, se konsa tou diskou ki nan bouch li ankouraje elektè ki apiye Pati Demokrat la pou yo sòti al fè devwa sivik yo tou. Pou Pwofesè Lara Brown k ap anseye syans politik nan Inivèsite George Washington nan kapital federal la, mesaj ak konpòtman prezidan an rive reyalize yon bagay ki potko janm fèt Ozetazini: sè ke li fè tout nasyon an enterese nan eleksyon palmantè yo -donk eleksyon pou manm Kongrè a-, alòske jiskela se eleksyon prezidansyèl yo ki te rive motive sitwayen tout eta yo, swa elektè k ap viv sou tout teritwa nasyonal la. Pwofesè Brown fè konnen:

"A vrè di, eleksyon an vin tounen yon afè 100 pou 100 nasyonal; se tout moun ki konsidere vòt sa a kòm yon sòt de referendum pou ou kont Prezidan an ak pati politik li a."0

Kandida demokrat pou plas gouvènè nan Eta Jòji, Stacey Abrams (agoch) ki t ap fè deba avèk opozan repibliken li a, Brian Kemp, nan vil Atlanta, 23 oktòb 2018.
Kandida demokrat pou plas gouvènè nan Eta Jòji, Stacey Abrams (agoch) ki t ap fè deba avèk opozan repibliken li a, Brian Kemp, nan vil Atlanta, 23 oktòb 2018.

An jeneral eleksyon mi-manda yo pa an favè pati chèf La Mezon Blanch la. Depi 1950 se 2 fwa sèlman pati ki sou pouvwa a te ranpòte majorite a nan 2 chanm Kongrè a. Chif mwayen plas pati prezian an plas la konn ranpote an plis sa li te genyen anvan eleksyon an, se 24. Ane sa a pou pati opozisyon an (Pati Demokrat la) repran kontwòl Chanm Depite a, li bezwen ranpòte 23 plas ki, kounyea, nan men Repibliken yo.

XS
SM
MD
LG