Accessibility links

Breaking News

O Meksik: Pifò Lekòl nan Mexico City Rete Fèmen Apre Gwo Tranblemandtè a


Seorang perempuan berjalan di sebuah taman kota saat hujan salju di Sofia, Bulgaria, 30 November 2020. (Foto: Reuters)
Seorang perempuan berjalan di sebuah taman kota saat hujan salju di Sofia, Bulgaria, 30 November 2020. (Foto: Reuters)

Nan Peyi Meksik, sekouris kontinye ap travay pou jwenn moun ki bloke anba plizyè douzèn building ki efondre anba yon gwo kokenn tranblemandtè, kote plis pase 230 moun pèdi lavi yo. Pandanstan, pòt plizyè etablisman eskolè rete fèmen. Sepandan, timoun ki abite andeyò kapital ta dwe retounen lekòl avan lotan malgre moun kontinye santi nan plizyè zòn lòt soukous tranblemandtè a.

Moun ki nan lari nan vil Mexico City apre tranblemandtè a.
Moun ki nan lari nan vil Mexico City apre tranblemandtè a.

Nan yon fouy ki dewoule nan yon lekòl mèkredi 20 septanm 2017 la, sekouris yo tande vwa yon ti fi anba debri e yo konfime ke li toujou vivan. Fouy sa a te fèt nan mitan nan nwit yè mekredi pou leve jodi jedi 21 septanm nan; sekouris yo pran anpil prekosyon pou anpeche pil dekonb ki pa stab tonbe sou fiyèt la nan moman yap eseye wete l anba debri-yo.

Youn nan sekouris yo ki rele Rodolfo Ruvalcava di la près -nap site: "Ti pitit la di nou non li se Frida. An plis de sa, li fè n konnen gen 2 lot timoun avek li anba a; epi gen kèk kadav bò kote li. Nou pa konnen si gen lòt moun ki vivan nan zòn nan."

Depi tranblemanntè a --ki te mezire 7,1 sou echel Riktè-a-- te fin frape Meksik madi pase a, sekouris yo deja jwenn plizyè dizèn moun ki mouri.

XS
SM
MD
LG