Accessibility links

Breaking News

Meksik: Kantite Viktim Tranblemanntè 19 Septanm 2017 la Kontinye Monte


Sekouris yo kap chache moun ki pran nan zatrap kay ki tonbe pandan tranblemandtè nan Piedad Narvarte, nan "Mexico City", peyi Meksik, madi 19 septanm 2017 la.
Sekouris yo kap chache moun ki pran nan zatrap kay ki tonbe pandan tranblemandtè nan Piedad Narvarte, nan "Mexico City", peyi Meksik, madi 19 septanm 2017 la.

Kantite viktim yo monte rive 225, tandiske plizyè douzèn kay kraze. Soukous sa a mezire 7,1 sou echèl Riktè a.

Nan Peyi Meksik, sekouris ap fè fouy mekredi 20 septanm 2017 la vil Meksiko, kapital la, e nan eta ki tou prè yo nan espwa yo va jwenn plis moun ki sòti vivan nan yon gwo kokenn tranblemanntè ki te frape peyi a nan lavèy; gwo soukous sa a mezire 7,1 sou echèl Riktè a. Tranblemanntè sa a koze lanmò omwen 225 moun tandiske plizyè douzèn kay tonbe atè.

Kap ki tobe anba frap tranblemandtè 7.1 an o Meksik. 19 septanm 2017.
Kap ki tobe anba frap tranblemandtè 7.1 an o Meksik. 19 septanm 2017.

Minis enteryè meksiken an, Osorio Chong, di fòs zame ak lapolis peyi a pral kontinye itilize tout mwayen ki nesesè pou yo jwenn plis moun ki ta chape anba gwo dezas natirèl sa a.

Volontè kap ede moun ki viktim yo o Meksik apre yon gwo tranblemndtè te frape vil ki rele: Mexico City a, Meksik, 19 septanm 2017.
Volontè kap ede moun ki viktim yo o Meksik apre yon gwo tranblemndtè te frape vil ki rele: Mexico City a, Meksik, 19 septanm 2017.

Sitwayen sivil te prese mete ak ekip sekouris yo yon ti tan apre goudougoudou a te frape kapital peyi a nan aprèmidi jounen madi 19 septanm 2017 la; yo sèvi ak ekipman lou e menm pwèp men yo pou yo wete gwo pil debri. Sant kokenn tranblemanntè sa a twouve l nan Eta Puebla sou yon distans 123 kilomèt o sidès Meksiko.

XS
SM
MD
LG