Accessibility links

Breaking News

Kèk Ekstrè Mesaj Kote Joe Biden Aksepte Viktwa Li Aprè Eleksyon Prezidansyèl la


Joe Biden, prezidan eli ameriken.
Joe Biden, prezidan eli ameriken.

Joe Bien deklare: "Mwen pran angajman pou m dirije kòm yon prezidan k ap chache non pa divize, men ini. Ki pa wè eta wouj ak eta nle; men ki wè Lèzetazini..."

Konsitwayen ameriken m yo,

Pèp peyi a fin pale. Yo ban nou yon viktwa klè. Yon viktwa total-kapital. Yon viktwa pou “Nou, Pèp la”. Nou ranpòte laviktwa avèk pi gwo kantite vwa yon tikè kandida pou plas prezidan an ak plas vis prezidan resevwa nan tout istwa peyi a – swa 74 milyon vwa. Mwen santi anpil imilite devan konfyans nou plase nan mwen an. Mwen pran angajman pou m dirije kòm yon prezidan k ap chache non pa divize, men ini. Ki pa wè eta wouj ak eta nle; men ki wè Lèzetazini...

Se va yon onè pou mwen travay avèk yon vis prezidant fanastik, Kamala Harris, ki pral fè listwa kòm premye fanm, kòm premye fanm nwa-amerikèn, kòm premye fanm ki gen orijin li nan Azi di Sid e premye pititfi imigran ki janm eli nan yon pòs nasyonal nan peyi sa a. Se yon bagay ki te dwe fèt depi lontan deja, e sa fè nou sonje aswè a sila yo ki te goumen byen di pandan anpil ane pou yo fe yon bagay konsa rive. Men, yon fwa ankò, Lèzetazini reprezante fondasyon ki soutni mond moral la pandan l ap deplase nan direksyon lajistis.

Pou tout moun sa yo ki te apiye nou, kite m di: Mwen fyè de kanpay ke nou te bati e ke nou te mennen an. Mwen fyè de kowalisyon nou te mete an plas la: se kowalisyon ki pi elaji e pi divès nan listwa. Demokrat, Repibliken ak Endepandan… Pwogresis, modere ak konsèvatè. Jenn moun ak granmoun. Moun lavil, moun nan banblye kou moun nan zòn riral. Gason makòmè, fanm monkonpè, moun ki renmen moun menm sèks ak yo, moun ki chanje sèks. Blan, latino, asyatik, ameridyen. E espesyalman pou moman sila yo kote kanpay nou an te desann nan pi ba nivo li, manm kominote nwa-ameriken an te leve kanpe pou yo te ede mwen. Yo te toujou la pou defann mwen e m pral defann yo, mwen pral defann nou.

Depi okòmansman mwen te di mwen bezwen yon kanpay ki reprezante Lèzetazini, e mwen panse se sa menm nou fè. Kounye a se ak divèsite sa a mwen vle administrasyon an sanble. Epi, pou sila yo ki te vote pou Prezidan Trump yo, mwen konprann desepsyon nou aswè a. Mwen menm tou, mwen te pèdi 2 eleksyon. Sepandan, kounye a an nou youn bay lòt yon chans. Se moman pou n kite pawòl piman bouk yo de kote. Se moman pou n bese tanperati a. Pou nou youn chache wè lòt ankò. Pou nou youn koute lòt ankò. Se moman pou nou fè pwogrè. Nou youn dwe sispann trete advèsè nou kòm ennmi. Nou pa ennmi. Nou se ameriken.

XS
SM
MD
LG