Prezidan ayisyen an, Michel Martelly mete yon mesaj devan pèp la mèkredi 22 jen 2011 la pou l anonse travay li pral reyalize pou l kenbe pwomès li te fè pandan kanpay elektoral la.
Lidè ayisyen an te pran la pawòl pou l bay detay sou plan li genyen pou l egzekite pwogram li te anonse pandan kanpay la, 24trè apre chanm depite a te rejte chwa Daniel Rouzier pou pòs Premye Minis la.
Korespondan nou Rotchild Francois Jr. di nou Misye Martelly te tou pwofite repete li pral pase alaksyon san pèdi tan pou l soumèt yon lòt chwa devan palman an.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Jr.