Ann Ayiti, otorite yo kòmanse reyalize yon pwomès Prezidan Jovenel Moise te fè depi nan kanpay elektoral la, sètidi distribye nan divès rejyon peyi a kamyon ki ekipe pou fè netwayaj vil yo.
Pa egzanp, depi kèk ane deja youn nan bagay ki toujou atire atansyon yon moun k ap sikile nan kapital la, Pòtoprens, se fatra ki sou tout twotwa yo e pafwa pil fatra yo rive kouvri lari yo preske tout kote nan vil la. Se menm tablo lèd sa a ki tonbe anba je ni yon sitwayen vil la ni yon eranje ki ale vizite Kap Ayisyen; ou pa ka evite fè konsta sa a depi nan antre Baryè Boutèy pou ale nan divès katye nan 2èm metwopòl repiblik la.
Alòs se avèk satisfaksyon anpil obsèvatè reyaji lè yo aprann Prezidan Jovenel Moise remèt otorite lokal plizyè mèri 37 kamyon konpresif ki pral sèvi pou remete pwòpte nan vil yo. Nan okazyon an Chèf Deta a deklare:
<< Tankou mwen te fè pwomès pou m akonpaye minisipalite yo, m ap prezide kounye a menm seremoni distribisyon 37 komyon konpresif pou majistra kominal peyi a dekwa pou yo kapab fè fas pi byen ak pwoblèm salte vil nou yo ap konfwonte. >>
Se majistra kominal Kafou a, Jude Edouard Pierre, prezidan FENAMH (Federasyon Nasyonal Majista Kominal d Ayiti) ki te fè diskou remèsiman an aprè Prezidan Moise te fin pale. Misye Pierre ankouraje prezidan an pou l kontinye avanse nan menm sans la e li envite kòlèg ke distribisyon sa a pa t konsène pou yo pran pasyans pandan y ap tann reyalizasyon pwomès la nan zòn lakay yo.
Depans ki te fèt pou achte kamyon yo monte rive anviwon 30 milyon goud. Komin ki benefisye yo se: Pòdepè, Gonayiv, Senmak, Jakmèl, Tigwav, Leyogàn, Site Solèy, Twou di Nò, Karakòl, Limonad, Lende, Senlwidinò, ak Kenskòf.