Accessibility links

Breaking News

Men sa Lamezonblanch di sou Anivèsè Tranblemanntè a ak Migran Ayisyen li Depòte


Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki wetire mask li apre li rive nan sal kote konferans pou lapres la dewoule nan Lamezonblanch, Washington, 13 Janv. 2022.
Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki wetire mask li apre li rive nan sal kote konferans pou lapres la dewoule nan Lamezonblanch, Washington, 13 Janv. 2022.

Pòt pawòl Lamezonblanch la, Jen Psaki reponn 2 kesyon laprès te poze sou Ayiti.

Pa rapò ak 12e anivèsè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, Madan Psaki te deklare ke Etazini se youn nan peyi ki bay Ayiti plis asistans imanitè.

"Nou gen yon gwo prezans ann Ayiti, yon prezans diplomatik. Nou se an menm tan youn nan pi gwo donatè asistans imanitè nan peyi d Ayiti atravè ONG yo (òganizasyon non-gouvènmantal) epi anpil lòt gwoup ki ap ede Ayiti jere seri defi ki poze devan'l soti nan tranblemanntè pou rive nan dezas natirèl, san nou pa bliye byenn antandi defi ki poze apre asasina prezidan Jovenel Moïse ane pase . Nou pral kontinye bay peyi a asistans imanitè e kò diplomatik nou an travay sere sere ak lidè nou fè konfyans nan rejyon an ak nan peyi a. Nou pran angajman pou'n kontinye fè sa".

Jounalis yo mande Lamezonblanch tou, si resonsab Ameriken yo pran kontak ak Ayisyen yo depòte ki te travèse frontyè Texas la ilegalman.

Madan Psaki deklare "Ebyen mwen ka di nou gen yon prezans diplomatik an Ayiti ki pran kontak ak divès Ayisyen ke nou depòte oubyen ki bezwen èd ak asistans e nou travay ak otorite lokal yo pou asire asistans imanitè a rive jwenn moun ki plis bezwen'l,".

Mekredi, gen 3 vòl depòtasyon Ameriken ki te ateri ann Ayiti. Gen 2 ki ateri Pòtoprens, e yon twazyèm ateri Okap.

Jedi gen 3 vòl depòtasyon Ameriken ki ateri Pòtoprens, ak youn ki ateri Okap.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG