Accessibility links

Breaking News

Piblikasyon yon Memo sou Swadizan "Abi-d-pouvwa" Otorite Lajistis Ameriken yo

Foto memo sou enfòmasyon sèvis sekrè ameriken an konsènan Larisi parèt nan Washington vandredi 2 fevriye 2018 la.
Foto memo sou enfòmasyon sèvis sekrè ameriken an konsènan Larisi parèt nan Washington vandredi 2 fevriye 2018 la.
Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite Lèzetazini an pibliye yon memo ki lage gwo divisyon nan sektè politik la e ki bay detay sou akizasyon Repibliken yo pote pou di kòmkwa ofisyèl wo-plase nan Depatman Jistis la te komèt abi-d-pouvwa nan ankèt yap mennen sou entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la.
Yo pibliye memo a vandredi 2 fevriye 2018 la yon ti tan apre Prezidan Donald Trump te bay konsantman li pou dokiman an pèdi karaktè top-sekrè li. Pèsonalite ki te prepare memo a se prezidan Komisyon Sèvis Sekrè La Chanm nan, Depite Repibliken Devin Nunes.
Prezidan Donald Trump ki tap di laprès rezon ki fè li otorize piblikasyon memo sou enfòmasyon sekrè konsènan ankèt sou wòl Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la. (Foto: Oval Office, Mezon Blanch, 2 fevriye 2018 nan Washington).

Yon bon pati nan memo a santre sou manda konsènan Lwa sou Siveyans Enfòmasyon Sekrè Etranje (abreje anglè FISA) ki te pèmèt FBI siveye Carter Page, yon ansyen konseye kanpay elektoral Trump la, yon òm dafè k ap fè biznis akLarisi. Otorite lajistis yo te gen preokipasyon konsènan swadizan kontak C. Page ta genyen avèk ajan sekrè Larisi.
Daprè memo a, yon ansyen espyon sèvis sekrè britanik la, Christopher Steel, te prepare yon dosye ki te sèvi sitou pou aplikasyon FISA nan ka siveyans Carter Page la, epi FIB pat di si se responsab kanpay elektoral Hillary Clinton yo ak Komite Nasyonal Demokrat la ki te finanse preperasyon dosye sa a, ni si Steel te abitye fè deklarasyon kont Donald Trump
XS
SM
MD
LG