Accessibility links

Breaking News

Meksik: Yon Nouvo Karavàn Fòme


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Plizyè santèn migran ki sot nan peyi Amerik Santral yo ak an Ayiti te fòme yon nouvo karavàn vandredi nan eta Chiapas, destinasyon yo se Etazini.

Migran yo te pran pitit yo avèk yo pandan yo t ap kite Tapachula, e yo t ap mache pou yo al nan vil Mapastepec, ak espwa pou rankontre lòt imigran, ki ap pran direksyon peyi Etazini.

Otorite lokal yo te pwomèt yo dokiman, sou fòm viza imanitè, pou yo etabli nan peyi a ak travay.

Meksik te espere ke òf viza yo tap anpeche plis migran mache nan direksyon fwontyè ameriken an.

Men, anpil moun pa sèten sou kontra sa yo, ak kapasite otorite Meksiken genyen pou yo kenbe pwomès yo.

XS
SM
MD
LG