Biwo pwokirè jeneral la nan Eta Baja California te di jounalis Lourdes Maldonado Lopez te rive pèdi lavi li anba "kout zam pandan li te nan yon machin". Biwo a te anonse ouvèti ankèt la.
Yon lòt jounalis, ki se yon fotojounalist, te pèdi lavi li lendi pase nan vil Tijuana nan Meksik.
Jounalis yo te asasinen an te travay kòm yon korespondan pou yon medya Meksiken nan Tijuana nan ane 90 yo.
Apre sa, li te travay pou plizyè medya, tankou Primer Sistema de Noticias (PSN) .
Meksik konsidere kòm youn nan peyi ki pi danjere nan mond lan pou jounalis yo, kote yo ekspoze a reprezay katèl dwòg k ap opere nan plizyè nan 32 eta peyi a.
Omwen sèt jounalis te rive pèdi lavi yo an 2021, dapre AFP.