Accessibility links

Breaking News

Meksik: Plizyè Dizèn Imigran Mouri, Yon Santèn lòt Blese Nan Aksidan


Un camión tráiler que transportaba a migrantes ilegales por el sur de México yace de costado después de un accidente en el estado de Chiapas que cobró la vida de al menos 54 personas el 9 de diciembre de 2021.
Un camión tráiler que transportaba a migrantes ilegales por el sur de México yace de costado después de un accidente en el estado de Chiapas que cobró la vida de al menos 54 personas el 9 de diciembre de 2021.

Plizyè dizèn imigran mouri ak yon santèn lòt blese nan yon aksidan ki rive nan sid meksik tou pre fwontyè chiapas ak gwatemala jedi 9 desanm nan.

Otorite meksiken yo di, yon trailer ki t ap transpòte plis pase yon santèn imigran ki soti nan amerik santral pou pifò chavire tou pre vil Tuxtla Gutierez nan eta Chiapas. Bilan an: 54 pami pasaje yo mouri pou pi piti ak plizyè dizèn lòt blese.

Marco Antonio Sanchez k ap travay nan brigad sapè ponpye vil la deklare erezman tout enstitisyon yo tankou kwa wouy, sapè ponpye yo, ajans pwoteksyon sivil te reyaji rapid pou asiste viktim yo.

"Nou espere pasaje ki transfere nan lopital Gomez Maza a nan san cristobal ak lòt sant ospitalye yo ap retabli apre yo finn pran swen. Kèk nan pasaje yo di nou yo se moun Ondiras."

Aksidan sa a se pi move aksidan ki rive migran k ap riske lavi yo pou rive Ozetazini. Pifò moun ki mouri yo sanble t ap kouri kont povrete ak vyolans nan Amerik Santral la.

Prezidan Gwatemala a Alejandro Giammattei mete yon mesaj sou rezo sosyal twitter pou l eksprime regrè l pou trajedi eta Chiapas la. Li eksprime solidarite l ak fanmi viktim yo ke li ofri asistans konsilè i konpri rapatriye kadav viktim yo.

Irineo Mujica yon militan k ap defann imigran yo e ki nan tèt yon karavan anviwon 200 imigran depi yon mwa edmi rann politik migrasyon otorite meksiken yo responsab pou tèt l ap sere boulon karavan imigran yo. Prezidan meksiken an Manuel Lopez Obrador voye senpati l bay fanmi viktim yo pandan li ofri asistans peyi l.

Anbasadè Ayiti o Meksik ,Hugues Fequiere, di otorite meksiken yo pa konfime l gen ayisyen ki enplike nan aksidan an. Pifò pasaje yo soti se sitwayen Gwatemala, Ondiras, Ekwatè, Repiblik Dominikèn ak Meksik dapre ajans pwotekyon sivil meksiken an.

Aksidan sa a rive kèk jou apre Etazini rekòmanse pwogram MPP a ki fòse imigran ki vinn mande azil sou fwontyè a retounen al tann Omeksik ann atandan yon jij analize demand yo.

XS
SM
MD
LG