Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksiken Enrique Peña Nieto, Anile yon Rankont ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump


Trump Peña Nieto
Trump Peña Nieto

Prezidan peyi Meksik la, Enrique Peña Nieto, deside anile yon rankont li ta pral fè ak Prezidan ameriken an, Donald Trump. Desizyon sa a vin ranfòse tansyon kap ogmante ant gouvènman 2 peyi poutèt Misye Trump egzije Meksiko peye pou konstriksyon yon miray li vle bati sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik.

AP (ajans nouvèl Associated Press) di Misye Peña Nieto pibliye sou kont twitter li yon nòt kote li anonse li pap reponn prezan nan rankont sa a ki te dwe dewoule madi 31 janvye 2017 la ant li menm ak Misye Trump nan La Mezon Blanch. Pi bonè nan jounen jedi a, Misye Trump te di yo ta dwe anile rankont la si Meksik pa dakò pou l peye pou konstriksyon miray la.

Dapre AP toujou, sa vin mete fen nan 2 jou dout ki tap peze sou kesyon pou konnen eske prezidan meksiken an ta pral rankontre ou pa avèk Misye Trump.

*******************************************************

Konstriksyon miray sa a sou fwontyè ant Lèzetazini ak Meksik la se yon dosye Mesye Trump pat janm sispann soulve pandan kanpay prezidansyèl la. Se konsa, li te pran lapawòl devan anplwaye Depatman Sekirite Teritoryal la (Department of Homeland Security) mèkredi 25 janvye 2017 la pou l anonse konstriksyon mi an pral kòmanse imedyatman --yon bagay ki, dapre li, pral amelyore sekirite nan tou lè 2 peyi vwazen yo. Prezidan Trump di :

“Yon peyi ki pa gen fwontyè, se pa yon peyi. Apati de Jodi a, Lèzetazini pral pran kontwòl fwontyè li yo; wi, nou pral repran kontwòl fwontyè nou yo.”

Donal Trump (ki tap mennen kanpay) te vizite Meksik nan dat 31 out 2016 la e li te bay yon konferans pou laprès ansanm avèk Prezidan Enrique Pena Nieto nan Rezidans Los Pinos nan vil Meksiko. (Foto: REUTERS/Henry Romero).
Donal Trump (ki tap mennen kanpay) te vizite Meksik nan dat 31 out 2016 la e li te bay yon konferans pou laprès ansanm avèk Prezidan Enrique Pena Nieto nan Rezidans Los Pinos nan vil Meksiko. (Foto: REUTERS/Henry Romero).

An plis konstriksyon yon mi sou fwontyè amerikano-mesiken an ki gen yon longè 3 mil 200 kilomèt, Misye Trump gen entansyon ogmante efektif gad fwontalye yo. Yon dekrè prezidansyèl li siyen nan objektif sa a sible 11 milyon imigran ilegal kap viv sou teritwa ameriken an epi li mande blokaj lajan gouvènman federal la tap bay vil amerikèn ki sèvi kòm refij pou imigran sa yo.

Bò kote pa l, Amanda Frost --direktris klinik jistis pou imigrasyon nan Inivèsite Amerikèn (American University) nan Washington, di dispozisyon sa yo pa pral rezoud pwobèm nan.

“Sa pa pral rezoud pwoblèm imigrasyon yo. Nou pa ka depòte imigran pou n rezoud pwoblèm nan. Alòs, mwen panse menm si pawòl sa a sonnen byen nan zòrèy sèten elekstè ak elektris ki te vote pou Donald Trump e ki pa fin byen konprann dosye a, sa pa pral pote pyès solisyon pou pwoblèm-nan.”

Sous ki pwòch milye federal ki byen konnen dosye a fè konnen desizyon pou bloke pwovizwaman kèk imigran pou yo pa vizite Lèzetazini pandan 30 jou, konsènen sitwayen peyi Irak, Iran, Libi, Siri, Soudan ak Yemèn –majorite nan peyi sa yo se peyi mizilman ki nan Mwayen Oryan. Pandan kanpay elektoral la, Misye Trump te pwopoze pou Lèzetazini bloke antre nan peyi a pou tout mizilman jeneralman kèlkonk; apre sa, li te mete yon soudin nan pawòl li pou l di entèdiksyon an konsène sèlman sitwayen peyi ki lye ak aktivite teworis.

XS
SM
MD
LG