Accessibility links

Breaking News

Meksik Otorize Vaksen COVID-19 Kiben an "Abdala"


Virus Outbreak Cuba
Virus Outbreak Cuba

Mèkredi, regilatè dwòg Meksiken an otorize itilizasyon d'ijans vaksen Kiben Abdala a kont COVID-19, otorite yo te di.

"Otorizasyon pou itilizasyon ijans vaksen Abdala a te apwouve," Komisyon Federal pou Pwoteksyon kont Risk Sante (Cofepris) te di nan yon deklarasyon li pibliye.

Abdala vin dizyèm vaksen anti-COVID komisyon an apwouve pou itilize nan Meksik, ansanm ak Pfizer-BioNTech, AstraZeneca, CanSino Biologics, Sputnik-V, Sinovac, Covaxin, Janssen, Moderna ak Sinopharm.

Gouvènman federal Meksiken an poko di si li gen plan pou achte dwòg la.

Vaksen Kiben yo baze sou yon pwoteyin recombinant, yon teknik konpayi Ameriken Novavax ak konpayi Franse Sanofi itilize tou, e yo efikas plis pase 90% nan anpeche ka sentòm COVID-19, dapre syantis Kiben yo.

Andeyò Kiba, Abdala te apwouve nan Nikaragwa, Vyetnam ak Venezyela.

Dènye peyi a te siyen yon kontra ak zile a pou livrezon 12 milyon dòz.

Meksik, ak yon popilasyon 126 milyon, te anrejistre 3.9 milyon ka ak prèske 300,000 lanmò nan Mèkredi depi kòmansman pandemi an, dapre chif ofisyèl yo.

XS
SM
MD
LG