Accessibility links

Breaking News

Meksik: Otorite yo Dispèse Plizyè Santèn Migran pou Anpeche yon Lòt Karavàn


migrants
migrants

Ofisyèl Meksiken yo te kòmanse dispèse plizyè santèn migran ki te rasanble nan vil Tapachula. Yo te mennen yo nan lòt eta,pou anpeche yon nouvo karavàn fome.

Migran yo, sitou sa yo ki soti nan Karayib la ak kèk pati nan Amerik Latin nan, te bloke nan Tapachula nan eta Chiapas pandan yo t ap andire anpil bagay - tankou pa egzanp tann pou demann azil ak viza yo rezoud.

MIlitan k ap defann dwa migran yo, Luis Carcia Villagran, te dekri vil la tankou yon "prizon" paske migran yo pa t 'kapab kite san papye.

Yon responsab nan Enstiti Nasyonal Migrasyon Meksik la (INM) te deklare ke yo te transfere 120 imigran ayisyen ki soti nan Tapachula, pou transpòte yo nan eta Aguascalientes, Campeche ak Durango.

Yon otorite ki pa vle Reuters site non ni deklare gen plis migran yo te planifye pou mennen ale nan eta Puebla ak Guanajuato. Li di lè sa a migran yo pral kapab kontinye aplikasyon yo pou azil ak viza.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG