Accessibility links

Breaking News

Meksik Montre Gouvènman yo Ka Respekte Dwa Migran yo Pandan Y ap Pran Dispozisyon Kont Kowonaviris


Yon sant meksiken kote sèvis imigrasyon resevwa demand dazil refijye nan Eta Chiapas.

Nan moman yon bann peyi nan Amerik Latin nan ak lòt kote nan lemond fèmen fwontyè yo epi yo mete restriksyon sou deplasman sitwayen yo pou yo ka bloke pwopagasyon pandemi kowonaviris la, Meksik, limenm, kontinye resevwa aplikasyon nan men etranje k ap chache azil pou yo evite vyolans brital ak tout kalte pèsekisyon; Meksik fè sa yon fason pou l kapab ede moun sa yo jwenn sekirite.

Pa le fèt ke gouvènman meksiken an di li konsidere resepsyon demand dazil sa yo kòm yon aktivite ki esansyèl pou li, li bay etranje sa yo an menm tan garanti ke yo kapab resevwa pwoteksyon kont tout depòtasyon ki ta voye yo tounen nan peyi dorijin yo kote lavi yo ta byen kapab an danje. Meksik ba yo garanti sa a pandan sèvis imigrasyon li ap jere dosye yo.


Pòtpawòl Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye a (WKNZR), Shabia Mantoo --ki t ap abode dosye a madi 28 avril la nan Palais des Nations nan vil Jenev, Peyi Laswis- fè konnen dapre Wo Komisarya a pratik otorite meksiken yo adopte yo montre ke gouvènman yo atravè lemond kapab mete an aplikasyon prensip ki la lontan e ki baze sou dwa entènasyonal pou sa ki konsène refijye yo menm lè y ap pran dispozisyon pou yo pwoteje sante piblik. Pòtpawòl Wo Kamisarya l ONU pou Refijye a ajoute:

“Menmsi dispozisoyn otorite yo nan Amerik Santral la pran pou yo fèmen fwontyè yo lakoz yon rediksyon 90% nan kantite demand dazil o Meksik pandan mwa davril la, plizyè santèn imigran kontinye mande stati refijye nan peyi a; sa ki atire atansyon sou gwo nivo vyolans ak pèsekisyon anpil moun kontinye sibi nan peyi dorijin yo menm nan moman pandemi an ap fè ravaj toujou."

XS
SM
MD
LG