Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vizit Prezidan Meksiken an, Andrés Manuel López Obrador, Ozetazini


Prezidan meksiken an, Andréz Manuel López Obrador (agoch) epi Prezidan Donald Trump (adwat).
Prezidan meksiken an, Andréz Manuel López Obrador (agoch) epi Prezidan Donald Trump (adwat).

Prezidan meksiken an, Andréz Manuel López Obrador, pral vizite vil Washington, D.C., semèn pwochèn nan pou l rankontre avèk tokay ameriken li, Donald Trump. Minis Afè Etranjè meksiken an, Marcelo Ebrard, ki t ap fè kòmantè sou vizit la sou kont Twitter li madi 30 jen an, fè konnen Misye López Obrador pral pase 2 jou nan kapital federal Lèzetazini an apatide 8 jiyè pwochen e plis detay gen pou parèt sou deplasman lidè Meksik la pi ta semèn sa a.

Pwochen somè amerikano-meksiken sa a se premye okazyon Prezidan López Obrador ap genyen pou l kite peyi li depi li te monte sou pouvwa a nan mwa desanm 2018. Pandan li t ap pale avèk laprès nan kòmansman semèn nan, li te deklare objektif vwayaj li Ozetazini se pou l selebre yon nouvo akò komèsyal ant Lèzetazini, Meksik ak Kanada, k ap antre an aplikasyon nan menm jounen mèkredi a.

Sepandan, lidè meksiken an resevwa anpil kritik poutèt vizit li pral fè Prezidan Trump la, nan moman anpil obsèvatè nan peyi li pa genyen yon twò bon apresyasyon pou tokay ameriken li a ki te di tout sa k pa bon sou imigran meksiken yo lè l te deklare li konsidere yo kòm dilè dwòg ak kriminèl pandan l t ap lanse kanpay elektoral li pou plas prezidan a sa gen plis pasee 4 tran. An plis de sa, li te pran angajman pou l te fè Meksik peye pou konstriksyon yon mi li te pwopoze pou Lèzetazini bati sou tout longè fwontyè li avèk Meksik.

XS
SM
MD
LG