Accessibility links

Breaking News

Nouvo Akò Komèsyal ant Lezetazini, Meksik ak Kanada ki Ranplase NAFTA ou ALENA.


Prezidan Donald Trump ki t ap fè yon diskou pou l mete devan laprès "US-Mexico Canada Agreement" ou "Akò Amerikano-Meksikano-Kanadyen".ki raplase NAFTA u ALENA.
Prezidan Donald Trump ki t ap fè yon diskou pou l mete devan laprès "US-Mexico Canada Agreement" ou "Akò Amerikano-Meksikano-Kanadyen".ki raplase NAFTA u ALENA.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen lendi premye oktob 2018 la, yon nouvo ako komèsyal avèk Kanada ak Meksik pou ranplase yon akò menm jan otorite 3 peyi yo te siyen sou administrasyon Prezidan Bill Clinton.

Nouvo aklo a rele an anglè "US-Mexico Canada Agreement" -abreje "U.S.M.C.- oubyen an kreyòl "Ako Amerikano-Meksikano-Kanadyen"; li ka pèmèt peyi siyatè yo fè biznis ki ka woule sou yon afè de mil milya 200 milyon dola. Aprè lidè ameriken te fin mete siyati l anba akò a, li bay opinyon li sou sa antant komèsyal la reprezante pou Lèzetazini. Prezidan Trump di:

"Dispozisyon ki nan akò sa a pral ede plizyè santèn milye job ameriken. An menm tan tou se yon viktwa istorik pou manifakti ameriken yo e pou ameriken k ap travay nan endistri otomobil la ki te resevwa move tretman e ki pèd job yo akoz trete komèsyal NAFTA a."

Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, ki t ap kite biwo li aprè siyati nouvo akò komèsyal ant 3 peyi nò-ameriken yo dimanch 30 septanm 2018 la nan Ontario, Kanada.
Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, ki t ap kite biwo li aprè siyati nouvo akò komèsyal ant 3 peyi nò-ameriken yo dimanch 30 septanm 2018 la nan Ontario, Kanada.

Lidè ameriken an ajoute akò US-MEKSIK-KANADA se tèlman yon bon deal, menm moun ki abitye kritike san rezon rekonèt se yon gwo reyalizasyon pou peyi a.

<< Yon fwa kongrè a va fin apwouve akò sa a, l ap reprezante akò komèsyal ki pi modèn, pi aktyèl e pi elilibre nou janm siyen nan tout istwa peyi nou an... avèk pi bon pwoteksyon nou janm prepare pou travayè nou yo. Menm moun ki pa ta janm rekonèt se yon bon bagay, di "sa bon nèt"; pami yo genyen ata Demokrat. >>

Apre siyati akò komèsyal a, Prezidan Trump bay yon konferans pou laprès kote li devlope plis toujou sa li konside kòm aspè poziif "US-Mexico Canada Agreement" oubyen "Akò Amerikano-Meksikano-Kanadyen".

XS
SM
MD
LG