Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Anonse Konkou Gad Nasyonal la nan Lit kont Imigrasyon Ilegal


Manm Gad Nasyonal la sou fwontyè Eta Arizona ak Meksik.
Manm Gad Nasyonal la sou fwontyè Eta Arizona ak Meksik.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konpliman pou sistèm jistis Meksik la poutèt otorite lajistis peyi sa a rive bloke deplasman yon karavàn ki te plen ak imigran Santwo-Ameriken ki ta pral pase pa Meksik pou l antre Ozetazini. An menm tan tou, Prezidan Trump felisite administrasyon li a poutèt li rive bese anpl-anpil kantite migran ilegal ki abitye travèse fwontyè Etazini ak Meksik la.

Nan yon mesaj lidè ameriken an pibliye sou kont Twitter li byen bonè jedi 5 avril la, li deklare:

<< Karavàn nan oblije kanpe sou wout li gras ak lwa imigrasyon solid Meksik ap aplike; e li deside sèvi ak lwa sa yo pou li evite repetisyon gwo dezòd ki abitye fèt sou fwontyè a… Gras ak aksyon Administrasyon Trumo la, se premye fwa nan 46 zan kantite moun k ap pase anba fil sou fwontyè pou yo antre Ozetazini desann rive nan ba nivo li atenn jounen jodi a. >>

Modèl miray Prezidan Trump vle konstwi a.
Modèl miray Prezidan Trump vle konstwi a.

Sepandan, si karavàn entènasyonal ilegal sa a bloke e menm kanpe sou wout li, otorite meksiken yo rekonèt gen anpil imigran ki fè sèman pou yo kontinye mete tèt nan direksyon fwontyè a.

Pandan moman Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an (Secretary of Homeland Security), Madan Kirstjen Nielsen, t ap patisipe nan yon reyinyon ak Prezidan Trump sou dosye a, li te abòde plan administrasyon Trump la genyen pou l voye gad nasyonal la al ranfòse siveyans la sou fwontyè a :

"Sa pral pran tan pou n mete tout detay yo an plas; men n ap kòmanse jodi a, e nou pral aji rapidman san prann souf. Se ak anpil enpasyans n ap tann pou manm gad nasyonal la al estasyone yo sou fwontyè a."

Migran Santwo-Ameriken (Ondiras) ki t ap manifeste sipò yo pou Karavàn Imigran Ilegal kap pase pa Meksik pou l antre Ozetazini.
Migran Santwo-Ameriken (Ondiras) ki t ap manifeste sipò yo pou Karavàn Imigran Ilegal kap pase pa Meksik pou l antre Ozetazini.

Kèk obsèvatè konsidere desizyon Prezidan Trump pran pou l voye gad nasyonal la sou fwontyè a, kòm yon efò pou l ranfòse baz politik li, espesyalman apre anpil lidè konsèvatè nan pati repibliken an te kritike l byen kritike poutèt li te siyen lwa sou depans federal yo ki pa gen ladan n lajan Ii te prevwa pou konstriksyon yon gwo miray ant Meksik ak Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG