Accessibility links

Breaking News

Ayiti Sante: Medsen San Fwontyè di Vyolans Gang Mete Lavi Malad yo an Danje


Ann Ayiti, malad ki boule e ki bezwen swen espesyalize nan Lopital Medsen San Fwontyè (MSF) genyen nan zòn Drouillard la, nan antre nò Pòtoprens, kapital la, oblije transfere kounyela a nan lopital menm òganizasyon an ap jere nan katye Tabarre, yon lòt zòn toujou nan Pòtoprens, aprè gang vyolan te anvayi lopital Drouillard la. Medsen San Fwontye (MSF) fè konnen vyolans sa a mete malad li yo an danje.

Doktè Alain Ngamba, kowòdonatè medikal MFS ann Ayiti, voye bay Lavwadlamerik yon imèl kote li di: “Moun ki boule grav yo bezwen swen ki espesyalize anpil-anpil, e lopital nou genyen Drouillard la se sèl sant espesyalize ann Ayiti ki pran swen moun ki boule. Nou gen kè-sote pou konsekans ensidan sa a kapab genyen pou malad ki pa kapab vin isit la e ki, san sitiyasyon sa a, t ap jwenn admisyon nan lopital la.”

Daprè MSF toujou, koutzam ki te tire nan lopital la nan dat 23 fevriye a te oblije doktè yo ak enfimyè yo kouri kache pou yo te pwoteje tèt yo. Se apre sa responsab yo vin pran desizyon pou yo deplase 21 malad epi tranfere yo nan lopital Tabarre, yon fwa tire yo te sispann. MSF di Lavwadlamerik pa gen yon manm pèsonèl la, ni yon malad ki te blese pandan vyolans la.

Nan dat 13 fevriye a, yo transfere sèvis Drouillard te konn ofri pou malad boule ki pa oblije entène yo, apre yon premye vag vyolans gang. Pou kounye a, daprè MSF toujou, sèl sèvis ki ouvri se sèvis dijans lopital la; sepandan l ap travay ak kapasite redui e limite pou l aksepte sèlman ka grav kote lavi moun nan an danje. Aline Serin, Chèf Misyon MSF ann Ayiti, fè deklarasyon a a:

“Sitiyasyon an nan lopital nou genyen Drouillard la deteryore ni pou malad yo, ni pou pèsonèl medikal la. Devan zak vyolans yo ki pa t sispann, nou deside transfere malad ki te nan sant pou moun boule yo, avèk sèvis pou malad ki pa entène yo, pou n voye yo nan lopital pou twoma nou genyen nan Tabarre la, dekwa pou n garanti pwoteksyon anplwaye nou yo, sekirite malad yo e pou n ka kontinye pran swen yo.”

Nan lopital Drouillard la, MSF anplwaye anviwon 250 pwofesyonèl lasante –pami anplwaye sa yo gen ayisyen ak etranje. Alòske, lè yo te fonde sant twoma a an 2011, sete pou trete moun ki te viktim vyolans, sila yo ki te blese nan aksidan machin oubyen ki te boule, depi 2014 lopital la tounen yon sant medikal ki espesyalize nan pran swen moun ki boule.


Apre pandemi KOVID-19 la te kòmanse frape Ayiti nan mwa mas 2020, lopital Drouillard la te chanje priyorite li pou l trete malad KOVID-19 yo ant mwa me ak mwa dout. Apre mwa dout la, lopital la te vin refikse konsantrasyon li sou swen pou moun ki blese. Doktè Ngamba, kowòdonatè misyon an, di Lavwadlamerik:

“Nou kontinye travay toujou pou n tabli yon sal operasyon nan lopital Tabarre la pou malad boule nou deja genyen yo. Nou deja ap trete malad ki sibi twoma nan lopital Tabarre la; alòs, sa fè nou pa rete twòp plas pou n admèt plis malad k ap soufri ak boule grav.”

Asuiv

--------------------------------------------------------------------------------------------- Tradiktè tèks orijinal angl repòtaj sa a se Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG