Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Chanm Depite a Ka Akize Mark Meadows Deske li Manke Kongrè a Dega


Mark Meadows ki t ap bay yon entèvyou nan lakou Mezon Blanch la nan jou ki te mèkredi 7 oktòb 2020. (Foto: AP/Alex Brandon).
Mark Meadows ki t ap bay yon entèvyou nan lakou Mezon Blanch la nan jou ki te mèkredi 7 oktòb 2020. (Foto: AP/Alex Brandon).

Seyans sa a ap dewoule nan Chanm Bas la apre ansyen chèf pèsonèl la te rejte demand yon komisyon lachanm nan voye ba li plizyè fwa pou l konparèt devan komisyon an.

Chanm Reprezantan Etazini an gen pou l vote, madi 14 desanm 2021 an, sou kesyon pou konnen èske wi ou non, li dwe refere bay Depatman Jistis la akizasyon dèske yon ansyen chèf pèsonèl La Mezon Blanch, Mark Meadows, komèt krim ki rele “injure au Congrès”, sa vle di li manke Kongrè a dega.

Seyans sa a ap dewoule nan Chanm Bas la apre ansyen chèf pèsonèl la te rejte demand yon komisyon lachanm nan voye ba li plizyè fwa pou l konparèt devan komisyon an epi reponn kesyon sou sa l konnen konsènan atak ki te fèt sou lokal Kongrè a nan dat 6 janvye 2021 pase a.

Klike sou video anba a pou w suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.

Mark Meadows ka tonba anba akizasyon Chanm Bas la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:40 0:00

XS
SM
MD
LG