Accessibility links

Breaking News

CNN Fè Rebondi yon Mezantant ant Prezidan Trump ak yon Ansyen Avoka li sou yon Afè Santimantal


Isit Ozetazini, chèn televizyon ki sèvi ak kab yo pibliye, madi 24 jiyè 2018 la, yon anrejistreman audio ki fè moun tande Prezidan Donald Trump ak yon ansyen avoka li, Michael Cohen -ki te pase lontan kòm reprezantan legal li-- k ap diskite sou yon pèman lajan posib konsènan dwa yon vedèt lamòd dekwa pou dam nan pa t pale de yon afè santimantal li te genyen avèk Misye Trump. Avoka Michael Cohen te anrejistre an sekrè konvèsasyon sa a ki te dewoule nan mwa septanm 2016 pandan Donald Trump tap mennen kanpay pou prezidans la.

Se pwòp avoka Michael Cohen nan, Mèt Lanny Davis, ki mete anrejistreman sa a a la dispozisyon CNN. Non dam nan se Karen Mcdougal. An plis yon modèl lamòd, li te konn travay kòm yon pwofesyonèl film playboy.

Prezidan Trump pase lontan ap demanti pawòl kòmkwa li te an afè ak Madam McDougal ki, li-menm, te vann istwa relasyon sa a avèk yon jounal a-sansasyon ameriken ki rele America Media pou 150 mil dola. CNN pa difize anyen ki pale de relasyon an.

XS
SM
MD
LG