Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Posibilite pou Minis Defans la, Jim Mattis, kite Gouvènman Trump la


Prezidan Donald Trump (adwat) avek Minis Defans ameriken an, Jim Mattis, pandan yon seremoni nan La Mozon Blanch nan okazyon yon kont-randi wo-grade militè yo t ap mete devan prezidan an. (Foto REUTERS/Yuri Gripas, 5 oktòb 2017).
Prezidan Donald Trump (adwat) avek Minis Defans ameriken an, Jim Mattis, pandan yon seremoni nan La Mozon Blanch nan okazyon yon kont-randi wo-grade militè yo t ap mete devan prezidan an. (Foto REUTERS/Yuri Gripas, 5 oktòb 2017).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè yon deklarasyon kote li lese konprann Minis Defans li a, Jim Mattis, se kapab youn nan pwochen pwòch kolaboratè enpòtan li k ap kite gouvènman an. Nan yon entèvyou Misye Trump –ki se yon repibliken- bay pwogram 60 Minutes sou chèn televizoyn CBS dimanch 14 oktòb 2018 la, li di pa gen okenn siyn ki ta fè li sipoze Misye Mattis ap kite sa. Sepandan li ajoute: “Si nou vle konnen verite a, kite m di nou mwen panse misye yon ti jan gen konviksyon yon Demokrat.”

Men prezidan an kontinye pou l di Jim Mattis, ki se yon jeneral retrete Kò Mèrin nan, se yon bon gason e li boule ak li trè-trè byen.

Gen yon lis byen long otorite enpòtan ki swa revoke swa bay demisyon yo pandan 21 mwa depi administrasyon Trump la egziste; pami yo gen anbasadè Etazini nan Nasyonzini an, Nikki Haley, ki te anonse semèn pase a l ap kite pòs li nan fen ane a. Daprè Prezidan Trump toujou, gen kèk ofisyèl nan gouvènnman ni an… li pa fin santi li twò alèz avèk yo.

60 Minutes - Magazin nouvèl aktyalite a ki pase chak dimanch sou chèn televizyon CBS.
60 Minutes - Magazin nouvèl aktyalite a ki pase chak dimanch sou chèn televizyon CBS.

Souvan lidè ameriken an konn kritike Minis Jistis la, Jeff Sessions, poutòt li te wete kò l nan ankèt k ap fèt pou konnen si wi ou non responsab kanpay Trump la an 2016 te fè konbinezon avèk Larisi pou peyi sa a enfliyanse eleksyon prezidansyèl la e si wi ou non, an tan ke prezidan, Misye Trump te chache bloke travay lajistis nan kad ankèt sa a; men jiskaprezan prezidan an refize revoke Misye Sessions.

Anfen Prezidan Trump rejte kategorikman nouvèl kap di kòmkwa sitiyasyon an tèt-anba nan Mezon blanch la; li konsidere nouvèl sa yo kòm enfòmasyon fo mamit.

XS
SM
MD
LG