Accessibility links

Breaking News

Marc Louis Bazin, Ansyen Premye Minis Ayiti Mouri Mèkredi Maten Nan Peyi Dayiti


Marc Louis Bazin, lidè politik e ansyen premye minis peyi Dayiti mouri douvan jou mèkredi 16 jen an. Li te gen 78 tan. Misye Bazin, ki te pran nesans nan vil Sen Mak, se lidè pati politik MIDH (an kreyòl: Mouvman Pou Tabli Demokrasi Nan Peyi Dayiti). Nan fen ane 70 yo, li te okipe pòs minis finans gouvènman prezidan Jean-Claude Duvalier a, apre plizyè lane ap travay kòm fonksyonè Bank Mondyal. Apre ranvèsman misye Duvalier sou pouvwa a, 7 fevriye 1986, misye Bazin rantre nan peyi li kote li fonde Pati politik MIDH e poze kandidati li pou eleksyon prezidansyèl novanm 87 yo ke lame Dayiti te anile apre masak yon gwoup elektè nan riyèl Vayan.

Pou Marc Bazin te pwoteste kont sa yo rele nan peyi Dayiti "masak" riyèl Vayan an, li menm ansanm ak plizyè lòt rival politik, te refize al nan eleksyon janvye 88 Konsèy Nasyonal Gouvènman an te konvoke sou lobedyans Jeneral Henry Namphy, prezidan KNG a e kòmandan an chèf Lame Dayiti. Eleksyon sa a ta pral' bay Leslie François Manigat kòm prezidan. Men lame Dayiti pat pran tan pou l' kapote Manigat apre yon tantativ pou l' remize jeneral Henri Namphy nan katye jeneral ou voye l al pran retrèt.

Koudeta jen 88 la, te louvri vann yon seri kou ak tantativ koudeta nan peyi Dayiti ki pral' bout ak demisyon dènye diktatè militè jenerasyon François Duvalier a, Jeneral Prosper Avril. Sou presyon lari a ak kominote entènasyonal la, Avril remèt pouvwa a bay jeneral Hérard Abraham ki, nan 48 tè, pase mayèt la bay jij Kou Kasasyon Ertha Pascal Trouillot. San pèdi tan, Trouillot anonse entansyon li pou l' dirije yon trazisyon ki va mennen peyi a nan eleksyon, kote ni li ni Jeneral Hérard Abraham pap kandida. Dat vòt la: desanm 90, kote yon latriye kandida prezante tèt yo—pami yo, ansyen minis enteryè Duvalier, Roger Lafontant; pè Jean-Bertrand Aristide, Marc Louis Bazin ke yo te kalifye nan epòk la "kandida Ameriken". Sepandan tit sa a sanble te plis nui ke ede kandida Bazin ki pèdi vòt 16 desanm 90 la devan Jean-Bertrand Aristide ak 67 pousan vwa pou kandida FNCD a kont 15 pousan anfavè lidè MIDH la---yon viktwa pèp ayisyen an pral rele yon viktwa Lavalas.

Yon tantativ koudeta Roger Lafontant nan mwa janvye 91 kont Ertha Pascal Trouillot, san di pètèt pou anpeche prezidan eli Jean-Bertrand Aristide prete sèman 7 fevriye 91, pral remete piblikman Lame Dayiti sou sèn politik la ankò. Prezidan eli Aristide mande kòmandan anchèf Hérard Abraham, pran responsabilite li e arete panzouis yo. Apèl li te tande e ekzekite avèk arestasyon misye Lafontant ak konplis li yo.

Sepandan 7 mwa apre desizyon sa a, jeneral Raoul Cédras te deside kapote prezidan Jean-Bertrand Aristide nan yon koudeta ki fè san koule. Lè presyon kominote Entènasyonal la, ki t'ap reklame retablisman prezidan demokratikman eli a sou pouvwa a, te koumanse twòp, jeneral Cedras te deside rele Marc Bazin (nèg ameriken yo) kòm premye minis. Yon pozisyon lidè MIDH la te okipe ant 1992 ak 1994.

Apre retablisman misye Aristide sou pouvwa a e pandan 2zyèm manda lidè Lavalas la, Bazin te mete sou kote tout lespri patizan pou l' kolabore ak gouvènman anplas la, swa kòm konseye e kòm minis ki te anchaje "negosyasyon ak opozisyon an". Nan mwa me 2010 la, apre opozisyon an leve-kanpe e lage koukouwouj dèyè prezidan René Préval pou'l kite pouvwa a, Marc Louis Bazin te fenk kreye yon gwoup li rele "Fowòm ansyen premye minis ayisyen yo" pou diskite e degaje kèk "pistes de solution" pou rekonstriksyon Ayiti apre tranbleman'ntè 12 janvye a.

Nan yon entèvyou li bay dènyèman kòlèg nou Jacquelin Bélizaire, nou te santi nan vwa lidè MIDH la yon moun ki malad (isit la, nou te twouve langaj li "lou, poze, twò poze e menm anwoue...Nou te panse se laj ou yon vye grip ki t'ap trakase l', paske nou pat konnen li te malad.

Lè Belizaire te mande l' nan kad yon emisyon sou pèsonalite ki make lavi politik, kiltirèl elt. (Pwofil), kouman li ta renmen yo sonje Marc L. Bazin (zòt kesyon divinò) li te reponn "Yon nonm ki te bay tout sa'l posede, men ki resevwa anpil tou". Marc Louis Bazin, yon gwo figi ki make politik 30 dènye ane yo sou sèn ayisyen an desede mèkredi 16 jen 2010 la.

XS
SM
MD
LG