Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Klase Ayiti pami Peyi ki Anba Menas Ensekirite Alimantè


Yon timoun nan peyi Yemèn k ap mouri grangou (Foto Achiv).
Yon timoun nan peyi Yemèn k ap mouri grangou (Foto Achiv).

Pwogram Nasyon Zini pou Alimantasyon an (PAM) fèk pibliye 4èm rapò anyèl li sou kriz manje ki poze atravè lemond, kote li atire atansyon sou sitiyasyon malouk e danjre ki prezante nan peyi sou late k ap fè fas ak ensekirite alimantè, sètadi ki anba menas dizèt. Rapò sa a se rezilta efò Ajans Nasyon Zini pou Alimantasyon an ki prepare li an kolaborasyon avèk òganizasyon gouvènmantal e non-gouvènmantal. Nan mitan enstitisyon ki te fè rechèch kèk sou sitiyasyon grangou nan peyi konsène yo, nou jwenn 2 branch nan PAM ki rele Rezo Enfòmasyon sou Sekirite Alimantè. Tit rapò a se “Rapò Mondyal sou Kiz Manje.” Dokiman an di:

“Pou yon 2èm ane youn apre lòt, se nan 3 peyi ke lagè pa sispann ravaje (Yemèn, Repiblik Demokratik Kongo ak Afganistan) nou jwenn popilasyon k ap sibi anba pi gwo kriz grangou a; yo reprezante 32% total moun k ap viv nan move sitiyasyon sa a. Repiblik Bolivaryèn Venezuela sanble se 4èm peyi ki sou lis la avèk yon afè de 9 milyon 300 mil moun k ap viv aktyèlman nan yon ensekirite alimantè tèrib e ki genyen yon bezwen ijan pou asistans nan domèn nan, dapre sa done ki disponib depi fen ane 2019 la montre.

“Epi yon pati nan popilasyon 10 peyi – ki reprezante 88 milyon moun-- fòme 65% total popilasyon mondyal k ap fè fas ak kriz alimantè e ki menm ap konfwonte yon sitiyasyon ki pi mal pase yon kriz. Sou lis peyi sa yo genyen Yemèn (ankò), Repiblik Demokratik Kongo, Afganistan, Venezuela (ankò), Etyopi, Soudan Sid, Repiblik Arab Siri, Nijerya avèk Ayiti…”

XS
SM
MD
LG