Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) Nan Vil Hinche Kont Konpayi Monsanto


Manifestasyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) Nan Vil Hinche Kont Konpayi Monsanto
Manifestasyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) Nan Vil Hinche Kont Konpayi Monsanto

Monsanto ap ofri peyizan ayisyen semans amelyore pou plante jaden yo, men selon Mouvman Peyizan Papay, plan sa yo genyen semans "hybride" pami yo ki kapab pwovoke disparisyon semans natif-natal yo

Mouvman Peyizan Papay Chavannes Jean-Baptiste ap dirije a òganize yon manifestasyon vandredi 4 jen an nan vil Hinche an pou pwoteste kont 475 tòn semans sereyal ak legim konpayi miltinasyonal ameriken Monsanto ap ofri fèmye ayisyen yo kòm asistans. Rezon leve-kanpe Mouvman Payizan Papay kont asistans konpayi a, se le fèt kèk nan semans lap bay yo se semans "hybride". Monsanto anonse li deja voye ann Ayiti 62 tòn sou 475 l'ap bay la. Selon misye Jean-Baptiste, semans sa a pa nan enterè fèmye ayisyen yo ki pra l' fini pa depann sou semans enpòte pou yo plante tè yo.

Nan yon nòt USAID publiye ansanm avèk enstitusyon ki rele "Inisyativ pou Resous Anviwonnmantal Natirèl Nasyonal " (WINNER, ann anglè) konfime asistans Konpayi Monsanto a k 'ap dewoule nan tèt ansanm ak Ministè Agrikiliti Lèzetazini. Nan nòt la, responsab yo chante lwanj pou semans yo "k'ap modènize agrikilti Ayiti", dapre otorite yo. Yo presize yo pa gen ladann Òganis Jenetikman Modifye (OGM) responsab Mouvman Papay la ap denonse a, menmsi gen kèk semans hybrid pami yo.

Toujou dapre nòt la, responsab yo rekonèt yo deja resevwa e distribye 62 tòn semans bay kiltivatè k'ap viv alantou Pòtoprens. Nòt la site yon korespondans minis agrikilti a, Joanas Gué, te voye bay vis Prezidan Monsanto a, kote li di yo deja teste semans legim yo ki adapte yo byen ak anviwonman ayisyen an. Pou sa ki gen rapò ak mayi hibrid la, Minis Gué di li mande pou yo plante semans sa a nan yon seri zòn "apwopriye".

Plizyè òganizasyon peyizan—tankou Via Campesina ki prezan nan plizyè peyi—voye reprezantan yo patisipe nan manifestasyon Mouvman Peyizan Papay la nan vil Hinche, nan Plato Santral la, Vandredi 4 jen an ki se lavèy jounen entènasyonal Anviwonman an.

Nòt USAID publiye ansanm ak "Inisyativ pou Resous Anviwonnmantal Natirèl Nasyonal la" site pawòl responsab yon òganizasyon peyizan nan yon lokalite toupre vil Kwa-dè-Boukè, alès kapital la, Pòtoprens, ki deklare sistèm agrikòl ayisyen an pap gen avni si li pa modènize.

NB: Koute sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a eksplikasyon Chavannes Jean-Baptiste k'ap reponn kesyon Jean Robert Philippe. Nou ka koute tou repòtaj Josué Joseph sou manifestasyon Hinche vandredi 4 jen an.

XS
SM
MD
LG