Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Siri Aprè yon Jounen Priyè


Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Siri Aprè yon Jounen Priyè
Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Siri Aprè yon Jounen Priyè

Fòs sekrite yo nan peyi Siri kòmanse lanse kèk atak tou nèf anvan manifestasyon an mas ki gen pou dewoule aprè lapriyè vandredi 12 out 2011 la.

Gwoup ak militan dwazimen yo di yon fi pèdi lavi li byen bonè nan jounen vandredi a aprè tank ak sòlda yo lanse yon atak nan Khan Sheikhon nan pwovens Idlib nan nò peyi a. Yon gason mouri tou anba bal aprè ke l te kouri pou fòs sekirite yo nan vil Saqba, yon banlye tou prè kapital siryen an, Damas. Yo atann aske anpil moun ka plen lari yo nan peyi Siri pou manifestasyon an favè demokrasi aprè lapriyè yo.

Omwen 16 moun mouri nan tout peyi a nan jounen jedi 11 out la. Gouvènman an ogmante kanpay sere-boulon li an malgre kominote entènasyonal la kondane le fèt ke prezidan Siryen an Bahar al-Assad itilize vyolans kont manifestan yo.

XS
SM
MD
LG