Nan kapital Tunizi a, Lapolis voye gaz lakrimojèn pou gaye manifestan anti-gouvènman an ki te reyini devan biwo premye-minis la depi dimanch 23 janvye 2011 la pou reklame demisyon gouvènman tunizyen an ke li jije ki toujou gen rapò ak prezidan dechouke Zine Al-Abidine Ben Ali.
Konfwontasyon sa a fèt aprè ke manifestan yo te reyini pandan nan nwit la devan bilding nan, nan kapital la, Tunis, malgre lòd kouvre-fe gouvènman an te enpoze.
Ben Ali te kite Tunizi nan komansman mwa sa a nan mitan vyolans ki te pete akoz to chomaj ak pri manje ki monte 17 wotè.