Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Kontinye Kont Gouvènman an nan Ejipt


Manifestasyon Kontinye Kont Gouvènman an nan Ejipt
Manifestasyon Kontinye Kont Gouvènman an nan Ejipt

Yon gwoup opozisyon ejipsyen lanse apèl pou mande yon 2yèm jounen manifestasyon nan vil Kèr, kèk èdtan sèlman aprè lapolis te tire gaz lakrimojèn e kale manifestans ki kont gouvènman an pou libere yon plas santral nan vil la.

Mouvman Jenès 6 Avril la te itilize paj sosyal sou entènèt la, “Facebook” pou ankouraje manifestan yo pou kontinye pwoteste mèkredi 26 janvye 2011 la aprè pi gwo manifestasyon ki janm fèt depi kèk tan kont plizyè dizèn lane gouvènman Prezidan Hosni Mubarack la.

Minis enteryè ejiypsyen an, di yo pap pèmèt oken nouvo manifestasyon e li bay avètisman pou di y ap pousuiv manifestan yo devan lajistis.

XS
SM
MD
LG