Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Kont Gouvènman an ap Kontinye ann Ejipt


Manifestasyon Kont Gouvènman an ap Kontinye ann Ejipt
Manifestasyon Kont Gouvènman an ap Kontinye ann Ejipt

Plizyè milye manifestan anti-gouvènmantal toujou pran pozisyon jedi 10 fevriye 2011 la sou Plas Liberasyon an e ozalantou palman an nan kapital la, Lekèr, pandan y ap kontinye yon mouvman leve-kanpe pou fòse Prezidan Hosni Mubarak kite pouvwa a.

An plis manifestasyon pwolonje sa a nan kapital la, opozisyon an ap sèvi kounyela a ak aksyon ki kapab afekte aktivite travay atravè tout peyi a, aksyon ki genyen move konsekans sou aktivite touristik, operasyon izin tektil la, sikilasyon tren e menm travay nan nivo biwo piblik yo.

Manifestan yo ap fè presyon pou yo jwenn demisyon Prezidan Mubarak ki sou pouvwa a depi prèske 30 tan, pandan y ap mande tou demisyon yon seri de manm palman an ki te eli nan fen ane pase a nan yon eleksyon yon gwo pati nan pèp la denonse kòm eleksyon ki te chaje ak koken an favè pati ki sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG