Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Opozisyon an Anonse yon Manifestasyon Anti-Gouvènmantal pou Dimanch 27 Jen 2021 an


Ann Ayiti, Ministè Edikasyon Nasyonal deplase yon trantèn sant egzamen ki te sitiye nan zòn kote gang ame ap simen latèrè nan kapital la, Pòtoprens -zòn tankou antre sid vil la ak rejyon Delma 2- pou pwoteje kandida yo pandan peryòd egzamen bakaloreya a.

Nèg otorite yo pa idantifye bloke, yon fwa ankò, antre sid kapital la nan jounen mèkredi 23 jen 2021 an apre yo te piye branch yon bank prive nan zòn nan. Blokaj sa a gen move konsekans sou transpò piblik la nan rejyon afekte a.

Plizyè lidè politik ak dirijan sosyete sivil la lanse apèl bay otorite yo pou mande yo pran dispozisyon ki nesesè pou rezoud pwoblèm ensekirite a k ap vin pi mal chak jou. Responsab sa yo pale konsa apre Prezidan Jovenel Moise te deklare fenomèn ensekirite a te kòmanse nan peyi a lontan anvan li te monte sou pouvwa a. Nan menm okazyon an, lidè ayisyen an te repete li pral òganize eleksyon anvan fen ane a pou yon prezidan eli ranplase li nan dat 7 fevriye 2022.

Anfen "Gwoup Suivi 4 Desanm" anonse yon manifestasyon pou dimanch 27 jen 2021 an nan kapital la pou denonse ekip ki sou pouvwa a poutèt li vle chanje konstitisyon peyi a. Dapre pakou òganizatè yo pibliye, manifestasyon an ap kòmanse nan Kafou Ayewopò pou l al abouti devan Palè Nasyonal sou Channmas. Nou genyen detay avèk youn nan lidè Gwoup Suivi 4 Desanm nan, Pastè Gerald Bataille.

Pastè Gerald Bataille ap bay detay sou manifestasyon 27 jen 2021 an.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:35 0:00

XS
SM
MD
LG