Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Fèt Pou Anilasyon Eleksyon yo ann Ayiti


Dimanch 23 janvye 2011 la yon gwoup manifestan te pran lari apre envitasyon gwoup 12 kandida k ap reklame anilasyon eleksyon 28 novanm 2010 yo ak depa Prezidan René Préval 7 fevriye 2011.

Manifestasyon te kòmanse sou wout Delma pou abouti devan Palè Nasyonal lanan Pòtoprens, kapital peyi Dayiti. Charles Henri Baker, youn nan kandida alaprezidans ki te nan tèt mouvman sa a, deklare manifestasyon sa a se yon premye viktwa.

Anpil lòt lidè te vinn pote kole tou nan manifestasyon sa a pou yo ajoute lòt revandikasyon . Pa egzanm ansyen lidè JPP a , René Civil ap reklame retou ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide menm jan sa rive nan pou ansyen prezidan/diktatè Jean-Claude Duvalier.

René Civil, ansyen lidè JPP a, k ap mande tou pou responsab lajistis yo trenen ansyen Jean-Claude Duvalier devan lajistis , te tou pwofite rejte rapò-verifikasyon ekspè òganizasyon Eta Ameriken yo sou rezilta premye tou eleksyon prezidansyèl 28 novanm yo.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG