Yon òganizasyon popilè pwòch pouvwa ayisyen an (kap apiye kandida pati INITE ki sou pouvwa a) ap prepare pou l òganize yon manifestasyon nan kapital la, Pòtoprens, madi 28 desanm nan pou l mande piblikasyon rezilta eleksyon konteste 28 Novanm yo.
Présengloire Deshommes, lidè mouvman an, fè konnen objektif manifestasyon an se fè Konsèy Elektoral la rekonèt « viktwa kandida Jude Célestin nan eleksyon prezidansyèl mwa pase a. »