Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ouvriye Endistri Sou-Tretans yo Ap Manifeste pou Reklame yon Salè 800 Goud Pa Jou


Foto yon machin akout nan yon konpayi rad nan Los Angeles, Kalifòni.
Foto yon machin akout nan yon konpayi rad nan Los Angeles, Kalifòni.

Sendika travayè endistri sou tretans yo anonse yon manifestasyon pou jounen lendi 29 me 2017 la pou egzije yon ogmantasyon salè minimòm 800 goud pa jou.

Dapre nouvèl yo, plizyè faktori deja revoke plizyè dizèn anplwaye. Semen pase a, lapolis te dispèse yon gwoup anplwaye ki t ap manifeste tou pre zòn ayewopò entènasyonal la.

Klike sou lyen odyo a pou w tande sendikalis Fignol ST. Cyr ki se youn nan reprezantan sektè ouvriye a nan Konsèy Nasyonal Salè a.

Deklarasyon Sendikalis Fignol ST. Cyr, reprezantan Sektè Ouvriye a nan Konsèy Nasyonal Salè a.
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:54 0:00

Yon lòt kote, Komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Clame Ocnam Dameus, mande lapolis pou l pran tout dispozisyon nesesè pou evite manifestasyon dewoule nan zòn ayewopò entènasyonal Pòtoprens la pou rezon sekirite, yon demand kèk sendikalis di yo denonse.

Bò kote pal, prezidan Asosyasyon Endistri yo ann Ayiti, George Sassine, mande ministè komès ak afè sosyal aji prese prese nan kad negosiyasyon sou salè minimòm nan pou debloke kriz kap travavè sektè sou-tretans la. George Sassine di Lavwadlamerik Sosyete Nasyonal Pak Endistriyel (SONAPI) rete ouvri pou dyalòg sou kesyon salè a.

Klike sou videyo a pou tande deklarasyon prezidan Asosyasyon Endistri yo George Sassine.

Deklarasyon George Sassine nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:46 0:00

XS
SM
MD
LG