Lidè mondyal yo pran angajman, yon fwa ankò, pou yo chache lapè nan moman yo reyini pou yon somè nan Nasyon Zini ki make 100èm anivèsè nesans Nelson Mandela. Seremoni an dewoule lendi 24 septanm 2018 la, swa yon jou anvan kòmansman deba anyèl Asanble Jeneral l’ONU an, nan New York, kote pi fò lidè yo ap rasanble semèn sa a. Nan okazyon an Sekretè Jeneral l’ONU an, Antonio Guterres, ki te pran lapawòl nan kòmansman somè a, deklare:
<< Jodi a n ap sonje yon nonm ki te genyen yon sajès ektwòdinè; yon nonm ki te pwojte yon gran diyite li an silans e ki reyalize anpil bèl bagay; yon nonm ki te travay san repo pou lapè ak diyite moun toupatou nan lemond. Sa se objektif òganizasyon nou an e, an tan ke lidè, se responsablite nou tou. >>
Afrik di Sid, peyi Nelson Mandela a, ofri l’ONU yon estati Mandela an bwonz, “grandeur-nature”, ki montre yon Mandela k ap souri avèk 2 men li leve. Se Prezidan Sid-Afriken an, Cyril Ramaphosa, ki te dekouvri estati a anvan somè a te kòmanse. Apre sa Misye Ramaphosa deklare:
<< Si li te la, li t ap vini la a pou l reprezante espwa plizyè milye Sid-Afriken ki te reve viv yon lavi san yo pa t anba chenn yon sistèm ki t ap limite potansyèl yo epi toufe posiblite yo akoz koulè po yo tou senpleman. >>
Nan dat 18 jiyè 1918 la, nonm ke kon-sitwayen li yo ta pral rele avèk afeksyon “Madiba”, te pran nesans nan yon vilaj ann Afrik di Sid ki rele Mvezo. Mandela te mouri sa gen 5 lane. An 1994 li te ranpòte eleksyon prezidansyèl yo pou l tounen premye prezidan nwa peyi a.
Inyon Afrikèn nan te dekrete dekad 2014-2024 la “Deseni Nelson Mandela pou Rekonsilyasyon ann Afrik”.