Accessibility links

Breaking News

Eleksyon o Venezuela Dimanch 15 Oktòb la pou Plas Gouvènè tou lè 23 Pwovens yo


Venezuelyen an, Nicolàs Maduro
Venezuelyen an, Nicolàs Maduro

O Venezuela, elektè yo pral jete bulten dimanch 15 oktòb 2017 la nan yon eleksyon rejyonal obsèvatè yo konsidere kòm yon tès esansyèl ni pou Prezidan Nicolàs Maduro, ni pou opozisyon an.

Sitwayen venezuelyen yo pral vote pou yo chwazi gouvènè tou lè 23 pwovens yo e kowalisyon opozisyon an --ki rele Tablewond Unyon Demokratik--lanse apèl pou li mande pèp la al vote pa bann e pa pakèt; kèk obsèvatè panse kandida opozisyon an byen plase pou yo ranpòte laviktwa nan pi fò pwovens yo.

Lapolis ki tap kwape yon manifestasyon nan vil Caracas, kapital Venezuela, nan dat 22 Jiyè 2017 la.
Lapolis ki tap kwape yon manifestasyon nan vil Caracas, kapital Venezuela, nan dat 22 Jiyè 2017 la.

Opozisyon an pat an mezi kontinye ak yon seri de manifestasyon li te mete sou pye pou pwoteste kont rejim Maduro a --manifestasyon ki te lakoz lanmò 125 moun ant mwa d'avril ak mwa jiyè ane sa a. Pwotestasyon yo te kòmanse aprè Prezidan Maduro te leve kanpe kont manifestasyon yo epi li te fòme yon asanble konstitiyant ki te pran pouvwa lejislatif la nan men yon asanble opozisyon an te domine.

XS
SM
MD
LG