Accessibility links

Breaking News

Plizyè Gwo Pèsonalite Patisipe Nan yon Sèvis Pou Viktim 12 Janvye yo Nan Washington


Plizyè Gwo Pèsonalite Patisipe Nan yon Sèvis Pou Viktim 12 Janvye yo Nan Washington
Plizyè Gwo Pèsonalite Patisipe Nan yon Sèvis Pou Viktim 12 Janvye yo Nan Washington

Plizyè aktivite make premye anivèsè tranblemanntè terib ki te frape plizyè Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la: sòti nan mès aksyon de gras, vizit fòs komin, san bliye inogirasyon yon memoryal responsab ayisyen yo ak lòt òganizasyon entènasyonal, salye memwa plizyè santèn milye kretyen vivan (ayisyen kou etranje) ki te peri nan trajedi a.

Madan Vis-Prezidan ameriken Joe Biden, Doktè Jill Biden, reprezantan Ayiti bò kote Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) Anbasadè Duly Brutus ak lòt manm kominote entènasyonal la, te pami pèsonalite ki asiste seremoni an Achevèk Washington nan Donald Wuerl te prezide.

Minis ayisyen Dyaspora a, Edwin Paraison, te vini espesyalman nan kapital federal ameriken an, Washington, DC. pou asiste seremoni an.

Minis Ayisyen aletranje Edwin Paraison ak Anbasadè Ayiti nan OEA a, Duly Brutus
Minis Ayisyen aletranje Edwin Paraison ak Anbasadè Ayiti nan OEA a, Duly Brutus

Kominote entènasyonal la rekonèt se vre pwogrè ki fèt yo pa anpil men efò ap fèt pou konstwi kay pwovizwa pou loje viktim yo, kreye travay pou yon demen miyò pou pèp ayisyen an. Pwochen etap la, se preparasyon pou gouvènman an kòmanse rekonstwi building ki te detwi nan "gougoudou" a.

Klike sou ikòn ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Jean Robert Philippe pou okazyon an.

XS
SM
MD
LG