Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Rex Tillerson Prevwa Plis Sanksyon kont Venezuela

Sekretè Deta Tillerson ki t ap rankontre ak Prezidan peyi Ajantin nan, Mauricio Macri, nan Palacio Los Olivos, rezidans ofisyèl lidè ajanten an nan Buenos Aires (Foto: 5 fevriye 2018 - REUTERS/Gustavo Amarelle/Pool).

Administrasyon Trump la ap anvizaje posiblite pou l ranfòse presyon an sou gouvènman sosyalis prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro; pou sa li gen plan pou l mete plis limit sou kantite petwòl Venezuela ap ekspòte Ozetazini. Sekretè Deta Rex Tillerson fè yon deklarasyon nan sans sa a pandan yon vizit nan Buenos Aires, kapital Ajantin, dimanch 4 fevriye a.
Lèzetazini te enpoze sanksyon ekonomik ak lòt restriksyon sible kont Venezuela ane pase a. Misye Tillerson fè deklarasyon an nan moman gouvènman venezuelyen an ap prepare pou l òganize yon eleksyon antisipe nan 2 mwa pou pèmèt rejim Maduro a rete pi lontan sou pouvwa a.
Ansyen Premye Minis espayòl José Luis Rodriguez Zapatero ak chanselye dominiken an, Miguel Vargas, ki t ap salye laprès anvan yo te abitre negosyasyon delegasyon gouvènman Maduro a ak opozisyon an ta pral fè nan Santo Domingo, nan dat 29 janvye 2018 la.

Jennifer McCoy, yon espesyalis nan syans politik k ap anseye nan Inivèsite Eta Jòji a e ansyèn direktris Pwogram dè Zamerik Sant Carter la, pale ak Victor Beattie, yon jounalis Lavwadlamerik, pou l di yon desizyon konsa t ap reprezante yon ranfòsman politik presyon administrasyon Trump la ap aplike kont gouvènman Maduro a.

Daprè Madam McCoy toujou, opozisyon venezuelyèn nan demoralize aprè seri pwotestayon anti-gouvènmantal ane pase a ki te debouche souvan sou vyolans e kote plis pase 100 moun te pèdi lavi yo. Depi kèk tan deja 2 pati yo ap patisipe nan negosyasyon k ap dewoule an Repiblik Dominikèn. Si yo pa rive jwenn yon solisyon, Madam McCoy prevwa opozisyon an byen kapab deside boykote eleksyon an.
XS
SM
MD
LG