Accessibility links

Breaking News

Bous Ewòpeyen yo Ouvè Tranzaksyon yo sou Yon Nòt Pozitif Jedi


Bous Ewòpeyen yo Ouvè Tranzaksyon yo sou Yon Nòt Pozitif Jedi
Bous Ewòpeyen yo Ouvè Tranzaksyon yo sou Yon Nòt Pozitif Jedi

Apre move nouvèl ki kontinye parèt sou ekonomi mondyal la lakoz tranzaksyon yo degrengole desann yè mèkredi a sou kontinan Azi a, mache yo ann Ewòp ouvè tranzaksyon yo sou nòt pozitif jedi 11 out 2011 la.

Prensipal endis mache'dlabous Japon an, Nikkei la, te pèdi 2% nan fen tranzaksyon yè yo, men li repran jarèt anvan jounen an fini avèk yon bès apeprè yon demi nan yon pousan sèlman. Sou kontinan Ewòp la, mache yo nan Londres, Paris, ak Frankfurt te pran 2% ou yon tikras plis nan tranzaksyon mitan jounen an.

Mache yo nan lemond te koumanse pran jarèt nan kòmansman semèn sa a, apre Rezèv Federal Etazini an, Bank Santral la, te anonse l ap kenbe to enterè li prete sou lajan an ant zewo ak yon ka yon pousan (1%) pou omwen jouk ane 2013. Men nouvo kè-sote sou yon kwasans ekonomik flègèdèk Ozetazini ak nouvèl ki di Lafrans tou ka pèdi merit kredi (3 a li) AAA te fè mache yo replonje desann.

Nan Nouyòk, mèkredi 10 out 2011 la, endis Dow Jones la tepèdi prèske 5%, tandiske S & P ak Nasdaq te desannn byen ba tou. Pi gwo endis yo nan Londres (ann Angletè), Paris (an Frans) ak Frankfurt (ann Almay) te pèdi tou yon afè 5% sou valè yo.

Mache bousye yo nan lemond te sibi pèt pandan plizyè jou akoz kè-sote ki t ap ogmante konsènan kriz dèt nan zòn Ewo a ak degradasyon merit kredi Etazini, dapre kalkil ajans kredi Standard and Poor.

XS
SM
MD
LG