Accessibility links

Breaking News

Moun Ki Kont Avòtman yo Òganize yon Mach nan Washington Avèk Apui Gouvènman Prezidan Trump la


Rasanbleman plizyè milye aktivis ki kont avòtman nan kapital federal Etazini an, Washington, vandredi 27 janvye 2017
Rasanbleman plizyè milye aktivis ki kont avòtman nan kapital federal Etazini an, Washington, vandredi 27 janvye 2017

Plizyè milye aktivis ki kont avòtman rasanble nan kapital federal Etazini an, Washington, vandredi 27 janvye 2017 la nan yon rali yo rele “Mach Pou Lavi.” Rasanbleman sa a ki toujou fèt chak ane, fè plis bri ane sa a akoz chanjman moun ap tann sou gouvènman Trump la ak Kongrè a ki anba kontwòl Repibliken yo.

Vis Prezidan Mike Pence, yon opozan avòtman depi lontan te pran lapawòl nan rasanbleman sa a ki tap dewoule tou pre lokal Kongrè a nan Washington.

“Lavi ap ranpòte laviktwa” se pawòl Vis-Pezidan Pence pandan l tap pale nan mach la.


Kèk pami manifestan anti-avòtman yo fè konnen sipò Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence te vin ba yo nan rali a se yon gwo ankourajman. Se premye fwa yon Vis-Prezidan ki sou pouvwa a pran lapawòl nan yon rasanbleman ki tap fèk kont avòtman.

Depi anvan Vis-Prezidan Mike Pence te pale ak foul la, Prezidan Ameriken an Donald Trump te ekri yon mesaj sou kont Twitter li kote li di, “Mach pou Lavi a trèzenpòtan. Nou tout kap patisipe nan mach sa a, mwen ba nou tout sipò mwen.”

Yon Mach Anti-Avòtman Dewoule nan Washington nan Prezans Kèk Otorite Nouvèl Aministrasyon Amerikèn nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:00 0:00

“Mach pou Lavi” a dewoule kèk jou apre anviwon demi milyon moun te pran lari pou manifeste an favè respè dwa fanm. Pami dwa sa yo, moun yo tap mande pou administrasyon Prezidan Trump la pa elimine desizyon tribinal Kou Siprèm Lèzetazini an te pran nan ane 1973 pou l te rekonèt dwa medam yo pou yo fè avòtman.

Nouvèl yo rapòte te gen yon ti gwoup moun ki anfavè dwa pou medam yo fè avòtman ki te rasenble nan menm jounen vandredi a devan Kou Siprèm Etazini an kote yo tap manifeste pou defan desizyon pi gwo tribinal Etazini an the pran an favè dwa pou medam yo fè avòtman.

Prezidan Trump ap planifye pou l nome yon jij ki kont avòtman pou l konplete Kou Siprèm Etazini an ki genyen ladan 8 jij pou kounye a apre lanmò nevyèm jij la. Nouvo chwa sa a kapab rann li pi fasil pou pi gwo tribinal Etazini an rive elimine desizyon ki rekonèt avòtman an.

XS
SM
MD
LG