Accessibility links

Breaking News

Mach nan Washington, D.C., nan Okazyon 18 Me 2021 an pou Brake Limyè sou Kriz Politik la ann Ayiti


Daprè oganizatè mach sa a, objektif la se atire atansyon otorite yo nan administrasyon Biden nan sou konsekans grav kriz la sou tout kouch sosyete ayisyèn nan epi mande Kongrè ak tout fòs de presyon Ozetazini egzèse enfliyans ki nesesè pou fòse gouvènman ameriken an chanje politik li vizavi Ayiti.

Madi 18 me 2021 an, k ap make 218èm anivèsè kreyasyon drapo Repiblik d Ayiti a, ayisyen nan diaspora a pral fè yon mach nan kapital Lèzetazini an, Washington D.C., pou brake limyè sou Ayiti, yon peyi kote yon kriz politik malouk ap devlope depi kèk tan deja. Nan tèt mouvman sa a nou jwenn 3 òganizatè prensipal: Sabine Philippe, Yvrose Célestin avèk Jean Gary Astrel.

Daprè 2 nan alatèt mach sa a, Mme Philippe ak M. Astrel ki pale avèk Lavwadlamerik, objektif la se atire atansyon otorite yo nan administrasyon Biden nan ak nan Kongrè ameriken an sou konsekans grav kriz la genyen sou tout kouch sosyete ayisyèn nan epi mande manm Kongrè ak tout fòs de presyon Ozetazini egzèse enfliyans ki nesesè pou fòse gouvènman ameriken an chanje politik li vizavi Ayiti –yon politik ki, daprè òganizatè yo, pa toujou ale nan sans enterè pèp ayisyen an. Yon moun kapab detekte santiman sa a lakay Sabine Philippe lè li fè deklarasyon sa a:

“ Lè w ap gade sitiyasyon peyi sa a, ou wè pa gen moun k ap dirije peyi sa a andedan; ou pa wè moun k ap pran aksyon pozitif pou pèp la. Paske si yon moun panse peyi, si ou renmen peyi w, ou dwe panse pou w chanje direksyon peyi w. Sanble ke moun k ap dirije peyi a, se de moun yo plase nan tèt peyi a, men k ap pran lòd nan men etranje ki gen ajanda pèsonèl yo. Pitit peyi a pa ka pran okenn desizyon.”

Sabine Philippe (Koutwazi Sabine Philippe).
Sabine Philippe (Koutwazi Sabine Philippe).

Sabine Philippe, ki t ap reponn kesyon Jacquelin Belizaire avèk Serge Rodriguez, ajoute:

“Pèp la, aprè li fin seleksyone yon moun kòm prezidan li, li vin wè se pa moun ke li te chwazi a. 2èman: Lè ou gade desizyon ki pou pran pou byen peyi a, ou wè se nan men U.S., nan men OEA ak Kò Gwoup bagay yo ye. Donk, li lè, li tan pou non sèlman nou menm ki nan diaspora a, men pitit peyi a k ap viv tenèb ki ann Ayiti a… li lè, li tan pou se nou menm ki pran desizyon pou peyi a; paske peyi sa a, se nan kapital lòt peyi, se lòt bò dlo yo pran desizyon pou li. Ebyen, nou menm, nou di nou pa dakò, nou pa p aksepte l. Li lè, li tan pou ke se nou menm, pitit peyi a, ki renmen peyi a, ki se dè moun responsab, ki se dè moun konpetan, ki vle bagay yo chanje, se nou menm ki pou chita bò tab la pou nou pran desizyon nou an gran moun… paske nou se yon peyi endepandan, yon peyi lib. Lè Desalin te kite ti moso tè sa a pou nou, li pa t di nou fè pèsonn kado li. Li te di se nou menm, ki se yon peyi souvren, ki se des personnes libres, ki pou dirije peyi a jan nou konnen.

“2èm fasèt la, se yon ti gwoup moun k ap byen viv nan peyi a. Lè w ap gade popilasyon an, ou wè tout moun ap viv nan lamizè; tout moun ap viv nan ensekirite… pa gen future, pa gen espwa, pa gen anyen… Si w wè jenès la, li lage nan peyi a. Timoun yo, se nan banditism yo lage kò yo, nan vye bagay, nan zak malonnèt. Pa gen moun k ap dirije peyi sa a. Peyi a lage… Fòk peyi a libere anba trèt sa yo ki anndan peyi a. Se pou sa nou pral fè mach sa a… pou nou menm, nou pote-kole avèk moun anndan yo ki konsekan, ki responsab, ki renmen peyi yo… Se avèk yo nou pral mache pou nou kapab defann enterè peyi a yon fwa pou tout… ”

Jacquelin ak Sergio atire atansyon sou le fèt ke diplomat ameriken ki an pòs nan Pòtoprens yo toujou di Lèzetazini apiye enstitisyon ak bon gouvènans e non pa yon pèsonalite politik kèlkonk. Yon lòt kote, yo raple ke Lèzetazini se youn nan peyi yo rele "zanmi Ayiti yo" epi depi lontan deja li reprezante pi gwo peyi donatè pou tout kalte asistans -sitou èd ekonomik- Ayiti ap resevwa nan men kominote entènasyonal la.

Jan Madam Philippe di sa nan entèvyou a, sou pwogram mach la gen plizyè pèsonalite sivil e politik ayisyano-ameriken e ameriken ki pral pran lapawòl nan okazyon an pou manifeste solidarite yo ak pèp ayisyen an k ap viv nan yon move sitiyasyon depi kek ane deja, tankou lavi chè, move gouvènans, vyolasyon dwamoun, kidnaping, elatriye… Pami oratè sa yo ap genyen, antwòt, minis jistis Washington D.C. a, Mèt Karl Racine, ki gen orijin ayisyèn.

XS
SM
MD
LG