Accessibility links

Breaking News

Etazini: Chanm Reprezantan an Aboli Penalite Taks Lwa sou Swen Sante a (Obama Care) te Enpoze sou Moun Ki Pat Achte Asirans yo


Ekzaminasyon Lwa sou Swen Sante a (Obama Care) nan Chanm Reprezantan.
Ekzaminasyon Lwa sou Swen Sante a (Obama Care) nan Chanm Reprezantan.

Nan yon vòt nan douvanjou jedi 9 mas 2017 la, Repibliken nan Chanm Reprezantan an ranpòte yon viktwa lejislatif pandan yap chache wete e ranplase pwogram swen sante ansyen prezidan Barack Obama a pandan gen opozisyon kap monte nan mitan pati a menm kont li.

Apre 18 èd tan deba, komisyon “Voies et Moyens” nan Chanm Reprezantan an aboli penalite taks ke Affordable Care Act (Lwa sou Swen Abòdab) la te enpoze sou moun ki pa t achte asirans sante.

Konsa vòt la ki soti 23 kont 16, ki te ale selon pati ke depite yo reprezante, te enpòtan paske li aboli pati nan lwa a ki te plis degoute Repibliken yo.

XS
SM
MD
LG